Miragwàn, Jeremi, Gonayiv, Tigwav, Wanament, Okap, Kafou ak divès lòt kominn nan peyi Ayiti leve kanpe lendi 15 Janvye 2024 la pou mande demisyon premye minis Ariel Henry yo di ki pa fè anyen pou rezoud kriz peyi a ap fè fas la depi plizyè lane.

Suit ak Mouvman protestasyon sa yo te koz aktivite yo paralize nan komin sa yo. Lekòl, biznis, ak enstitisyon piblik yo pat rive fonksyone.

Protestatè yo te bloke wout, boule kawotchou epi manifeste nan divès ri pandan yo t ap lanse anpil pawòl piman bouk kont gouvènman an yo fè konnen ki mare sosis li ak gang yo pou teworize popilasyon an.

Mouvman sila lye dirèkteman ak apèl Guy Philippe te fè yè pou yon veritab dezobeyisans sivil an Ayiti. Kote Dimanch 14 Janvye a li te mande popilasyon an pou yo sezi tout kle machin Leta, fèmen tout biwo Leta sof lopital ak fòs legal yo epi pou yo pa peye Leta pyès taks. Yon mesaj ki te rive nan zòrèy popilasyon an epi yo te reyaji.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841