Nan yon konsèy minis ki dewoule vandredi pase a, gouvènman Ariel Henry a fè nominasyon nan delegasyon, vis delegasyon plis de (2) meri.

Selon arete saa ki pibliye lendi 15 Janvye 2024 la, Paulémond Michel nome Delege Depatmantal Grandans, Carl Antoine nome sekretè jeneral delegasyon an. Elisabeth Jacques nome Delege Depatmantal Latibonit. Jules André Hyppolite nome vis Delege Arondisman Bòy.

Toujou nan menm arete a gouvènman an nome nan meri Jeremi Sylmatha Pierre prezidan komisyon an, Joël Jean-Baptiste ak Alexandre Pierre kòm manb. Moun sila yo ap gen pou jere komin nan jiskaske eleksyon fèt nan peyi a.

Yon lòt kote Wilguens Belzince Pierre nome prezidan komisyon minisipal Monwi, Marie Dina Joseph ak Guivenaud Louis nome manb Konsèy la. Y ap genyen pou dirije komin Monwi jiskaske eleksyon fèt.

Nominasyon sa yo fèt nan yon kontèks kote genyen plizyè depatman nan peyi a ki leve kanpe sou lidèchi Guy Philippe pou mande Gouvènman Ariel Henry a kite pouvwa.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841