Soti 1e janvye pou rive 31 Desanm 2023, direksyon imigrasyon Ayiti resevwa plis pase 912 000 demann paspò, atravè 27 sant resepsyon yo genyen nan tout peyi a selon yon atik jounal lenouvelliste pibliye madi 9 Janvye 2024 la.

Pandan menm peryòd sa a, 874 920 dosye verifye, 795 585 paspò enprime, epi 728 596 delivre. se sa yon sous di nouvelliste.

Daprè sa jounal la ekri, pandan yon sèl mwa, imigrasyon resevwa 90 000 demann, poutan se sèlman 45 000 pa mwa yo te konn resevwa ane pase yo. Ogmantasyon demann paspò sa vini, depi aprè lansman pwogram Biden nan te lanse 6 Janvye 2023 a, kote genyen 112 000 Ayisyen ki deja kite peyi a, daprè dènye chif CBP pataje nan mwa novanm pase.

Depi aprè lansman program Biden nan, sitwayen Ayisyen yo ki gen difikilte pou jwenn sèvis paspò a peye jiska 60 000 goud anba tab pou yo ka rive jwenn paspò yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841