«Bann kaka, se ak nou m ap pale wi, kisa nou fout fè ak peyi m nan? Qu’avez-vous fait de mon pays ? » Pwopo madam Bennett sou kont X li

An kreyòl, nan yon tèks li pibliye an 3 moman sou paj «X» (Twitter) li dimanch 7 janvye 2024 la, madam Michele B. DUVALIER ki se ansyèn premyè dam Ayisyèn soti 1980 pou rive 1986, pa manke krache emosyon li nan divès kesyon li poze ki lye ak pase Ayiti.

Dabò, madanm ansyen prezidan Jean Claude Duvalier kòmanse tèks li konsa: «Haïti chérie! Mwen fout anvi bwè krèm ti karòl, crème Eskimo, mwen fout anvi manje Roroli,Tito, Maritimas, Red Rose, Malou, Pam Pi Bon, les bonbons Léger, boule St-Lot, mwen fout di nou mwen anvi bwè yon Jbrandt byen glasé oubyen yon foskao, nou pa tande m mwen di mwen vle ale boulangerie Saint-Marc sou Grand rue, ou byen Bazar La Poste, Au Beurre Chaud. Bann lanmèd, pase m yon mant Alta pou m fout souse pou grip la. Se ak nou m ap fout pale, m anvi bwè yon Maiz Laina, mwen bezwen yon kès cola Borday oubyen Limette. »

Nan yon 2èm tan, li kontinye tèks la nan yon «ton» ki pi elve, e n ap site: «Pou Noël la, m anvi pete klorat, voye pidetwal anlè, limen fanal, mwen vle al lage 5 kòb nan bokal dlo, gadon kaka mesye, mwen fout di nèg yo m anvi ale Chez Tony nan rue Pavée. Mwen anvi wè bèl fanm, mwen pral kanpe devan first school, oubyen devan institut francais sou bicentenaire, nan volley ball Collège St Pierre, mwen vle al kay ti georges, bann kaka santi, mwen vle ale Chez Magguy, Place Sainte Anne, mwen sonje pate kòde CIA nan rue Clerie Martissant 15, soeur Martha mwen sonje w, ban m yon bannann ak fwa di ak kreson tanpri. Kote Le Lambi ?
Kolangèt mesye, sa nou fè ak pizza garden fontamara ? Ak 37 gdes mwen te genyen yon large pizza. Mesye, di m sa nou fè ak Topolino? Kisa nou fè ak Ciné Triomphe, Rex Théâtre, ciné Capitol? Pétionville nou te gen Étoile ciné, Concorde ciné, ciné Cabanon, kote yo? Kisa nou fè ak Ultramode sou route Lalue, Microsillon, La boîte à musique? Apa nou pa ka di m kisa nou fè ak Chez Cator, Maison Batta, Typhany, Hotel Beau Rivage, Chez Yvanne, chauffeur guide, Cubano Restaurant, Amistoso, Cèdres du Liban, La Coupole, Petit four, fòk nou di sa nou fè ak yo? Kisa nou fè ak Le Relais du Champ de Mars, Café Napoli, bon di m kisa nou fè ak el caribeno, Cabane Choucoune ki sa nou fè ak limyè siyalizasyon routyè yo, telefòn piblik nan lari yo, bis Conatra yo.

Li fini tèks la pandan li kontinye moute volim kesyon yo nan yon ton ankò pi elve, kote li ta pral konkli ak yon kesyon se pa premye fwa m ap poze nan sa ki gen pou wè ak Ayiti: « Kisa nou fè avec Choochoo Train ak Roller Skate sou wout aéroport a, Hippopotamus ? Bann salòp, kisa nou fè ak bèl fèt de salon yo, kisa nou fout fè ak Prince night club, club Happenings, restaurant Le Récif. Mwen vle ale ciné Imperial, oubyen Magic cine? Si m rete Martissant e mwen pa vle desann la ville, mwen vle rete nan zòn nan, mwen vle nou ban m Cri Crac ciné, le Colisée, cine Senegal, Olympia?
Mwen vle bouje «bann chawony». Kote Café des arts, L’auberge du Québec,Ding- A-Ling? Ok, kite m rive centre Dadadou oubyen Drive-in ciné, Deluxe Auto ciné, Ciné Parc, Rancho ciné, «bann chawony santi», di m sa nou fè ak Kentucky Fried Chicken, Maison des cadeaux, Trackmaster, Curaçao trading, Madame et Mademoiselle, c’est du francais, la farandolle, Maison Rousseau, mwen fout anvi monte yon bis carrefour (bonjour, estera, a la canadienne) pou m al tande bon Kool and the gang, bon Air Supply ak Chicago, bon Phill Collins. Mwen ta mete m sou radio Métropole pou m ap tande TITO show ensuite sou radio Port-au-Prince pou m ap tande Master J, «bann kaka» se ak nou m ap pale wi, kisa nou fout fè ak peyi m nan? Qu’avez-vous fait de mon pays ? »

San presize ak ki moun l ap pale, ansyen premye dam nan sanse mete deyò tout sa li t ap refoule depi kèk tan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841