Èske Pwogram (èd) imanitè yo, tankou «Humanitarian Parole» la se yon benefis pou Ayiti

Vandredi 6 janvye 2023 – samdi 6 janvye 2024 make egzakteman yon (1) lane depi pwogram «Humanitarian Parole» gouvènman ameriken an te kòmanse. Pwogram sila ki kalifye de «imanitè» selon prezidan Joe Biden, gen plis pase 120 000 Ayisyen ki deja elijib; pami yo 112 000 ki gentan vwayaje, daprè sa CBP te pibliye vandredi 22 desanm 2023 a.

Jounal Le Nouvelliste abòde pwogram Biden nan a 2 nivo. Nan yon premye tan jounalis la moutre swa dizan enpòtans pwogram nan, yon lòt kote li moutre limit li nan mo sa yo: «….Un jour on fera tranquillement le bilan de ce programme qui a des «bons et de mauvais côtés» pour le pays.»

Pi lwen, jounalis la deklare ouvètman pwogram Biden nan rete yon aktivite»endividyèl», ki pa gen anyen pou wè ak ede Ayiti, kontrèman ak lide premyè pwogram nan: «Pour le moment, il constitue une solution individuelle pour trouver la porte de sortie d’Haïti. Le pays ne pourra pas se régénérer sans ses fils….»

N ap note, se pa Etazini ki premye ofri Ayisyen tip pwogram sa yo, puiske avan Biden nan, nou ka site peyi Brezil ak Chili aprè sa Ajantin… ki te deja louvri pòt yo bay konpatriyòt Ayisyen yo antre, sa gen plis pase 10 lane.

Toujou nan kad menm pwogram sa yo, yon ti kras pi ta, nan yon anons gouvènman Kanada a te fè semèn 10 oktòb 2023 a, responsab yo te fè konnen yo pral akeyi plis pase 11 000 resòtisan etranje (Ayisyen, Venezyelyen ak Kolonbyen). Depi moun sa yo rive nan peyi a, y ap gen aksè ak yon «rezidans pèmanan».

Anpil gran analis politik k ap pale, fè konnen «pwogram Biden» nan genyen vrèman anpil «sans kache» ladan li. Yo avanse tèz kantite pwosesis yon Ayisyen konn fè avan menm li rive jwenn yon viza ameriken, pou soudènman menm peyi sa a deside vini ak yon pwogram prèske gratis ! Moun sa yo mete an kesyon fyabilite pwogram sila blan meriken rele imanitè a.

KONSEKANS IMEDYA

Pwogram Biden sa a sekwe bil pèp Ayisyen an nan plizyè nivo:

  1. Yon grenn paspò ki te konn fèt ant 12 a 15 000 goud, te pase de 45 a 50 000 oubyen plis, depandaman de ki depatman ou te ye. Jodi a ankò, janvye 2024, se 25 000 goud e plis ou dwe genyen pou w rive fè yon grenn paspò. Alòske, pri nòmal leta fikse a pa janm varye. Ou ka imajine sa ?
  2. Malgre voum lajan sitwayen an fin envesti pou fè paspò a, jwenn li an se yon lòt kaskèt chinwa, paske gen gwo zouzoun paspò yo dwe soti, men tou, plis ou peye plis lajan, ou gen plis chans jwenn premye paj la paspò osnon paspò a pi rapid.
  3. Divès sitwayen ki te konn tenwaye bay Centre à la UNE, konn di nou yo pase plizyè mwa nan yon liy pou fè yon paspò, yo pa kapab, jis paske yo pa t genyen ase lajan pou yo peye yon «raketè» pou fè paspò a pou yo.
  4. Selon radyo Karayib FM, genyen anpil fanm Ayisyèn ki yo menm se kouche (fè sèks) yo oblije kouche ak kèk sitwayen ki kapab pèmèt yo fè yon paspò sou tèt pwòp lajan yo a ankò. Si sa se ta vre, èske yon moun «être humain» ta dwe ap viv yon sitiyasyon parèy ?
  5. Pwogram Biden nan mete divizyon nan plizyè fanmi. Sou rezo yo, tankou an prive, ou kapab gade osnon tande kèk sitwayen k ap kritike sevèman fanmi yo ki Ozetazini, men ki pa chwazi antre yo. Poutan, anpil nan moun sa yo pa konnen si pwogram nan genyen yon ansanm prensip ki anglobe li, avan menm pou yon moun rive kalifye.
  6. Atravè tout peyi Ayiti, diferan kad nan pratikman tout domèn, patikilyèman Edikasyon ak Sante, kite peyi a epi lage pye yo nan Biden. Plis pase 1000 polisye Ayisyen ale tou, selon statistik yo. Pi mal, genyen yon pleyad Ayisyen ki toujou twouve yo nan peyi Meksik depi plizyè mwa, ki pa ko janm jwenn aksè osnon otorizasyon pou yo antre sou tèritwa blan meriken an. Temwayaj anpil nan moun sa yo se krèv kè.
  7. Rive sou sòl blan meriken an atravè pwogram Biden nan, plizyè sitwayen Ayisyen pa sispann eksteryorize sa yo ap sibi, puiske yo pa ko pale lang yo, yo pa konnen sistèm nan, yo pa genyen lajan pou fonksyone, ki donk se tout yon lòt vi ki totalman diferan de lakay yo.

N ap note, ou pa fouti jwenn yon bon travay san aksè ak yon ti kat travay, ti kat ki trennen dèyè li yon pil ak yon pakèt pwosesis, e anplis de sa, sitwayen an dwe peye yon frè ki evalye a $ 430 US oubyen plis toujou, pou li rive fè ansanm pwosesis k ap pèmèt li jwenn ti kat sila.

Ki donk, pwogram Biden nan genyen anpil, vrèman anpil konsekans negatif sou Ayiti.

LÒT KONSIDERASYON

Se pa sèlman pwogram migratwa divès peyi pran abitid ofri Ayiti. Plizyè peyi nan mond lan, pami yo Etazini, Taywan, Lafrans, Kanada ak kèk òganizasyon tankou Inyon Ewopeyèn, UNICEF, Food for the Poor, PAM… pran tout plezi yo nan fè Ayiti kado kèk bokit, balon foutbòl, sak diri, pwa, lwil oubyen kèk motosiklèt ak machin pou Polis Nasyonal Ayiti a.

Sou baz sa a, divès sitwayen Ayisyen ak lòt etranje ki renmen Ayiti tout bon vre, epi ki ap suiv modèl diplomasi «steril» peyi / òganizasyon sa yo ap devlope ak Ayiti, pa sispann mande èske Ayiti ap pase tout tan li nan resevwa tip kado anpwazonnen sa yo ?

Tout kalite pwogram «imanitè» sa yo rive pran pye nan peyi a, se parapò ak nivo vilnerabilite majorite dirijan Ayisyen yo nan pi wo nivo leta a, kote se koripsyon, enpinite, imoralite, briganday, vòl, dezòd jeneralize k ap taye banda nan tout enstitisyon yo.

Finalman, menm jan ekonomis Edzer Emile kwè li a, èske pwogram Biden nan pa plis ekonomik (nan benefis Etazini) olye imanitè (nan benefis Ayiti) ?

Sérondier LOUISIA, C entre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841