Lapolis dwe mare kou krab Joseph Michel Martelly, Jocelerme Privert, divès premye minis, ansyen palmantè ak kèk lòt pèsonaj politik, selon odònans Jij Dimanche lan

Jij a.i Duniel Dimanche bay lòd vandredi 5 janvye 2024 la pou lapolis arete Joseph Michel Martelly, Jouthe Joseph, Jocelerme Privert, Jean Marx Bellerive, Laurent Lamothe, Garry Conille, Florence Duperval Guillaume, Evans Paul, Enex Jean Charles, Jean Henry Ceant , Jean-Michel Lapin, Michelle D. Pierre Louis, Willot Joseph, Francisque De La Cruz, paske yo nan koripsyon, konplisite nan koripsyon, trafik enfliyans, nan sa ki gen pou wè ak dosye koripsyon nan CNE a. N ap note, tout sitwayen sa yo boude envitasyon Jij la jodi a.

Semèn pase, Michel Martelly ak Jocelerme Privert se 2 ansyen chèf leta sa yo ak divès premye minis Jij Dimanche te swete tande pou kesyon koripsyon, kote li te envite 2 ansyen prezidan yo ak ansyen premye minis yo, plis ansyen palmantè ak lòt pèsonalite, pou prezime konplisite yo nan koripsyon pandan pasaj yo kòm dirijan nan tèt pouvwa a an Ayiti.

Toujou nan kad dosye koripsyon an, Jij enstwiksyon Duniel Dimanche te soti yon òdonans 22 desanm pase a ki te mande pou lapolis arete ansyen Direktè jeneral CNE Ayiti a, Jude Celestin, pou konplisite l nan koripsyon ak detounman byen Leta, plis aktyèl Direktè Jeneral CNE a, Kengon Louis, pou koripsyon ak tit li itilize li pa genyen vre (usurpation).

Nan odònans sila Jij la voye bay Direktè Santral Polis Jidisyè (DCPJ), Responsab komisarya yo, Kòmandan fòs piblik yo ak popilasyon Ayisyèn nan an jeneral, li òdone pou yo ekzekite tout manda arestasyon li desène kont diferan pèsonalite pi wo yo.

Jij la repwoche moun sa yo kòm moun ki nan koripsyon, ki konplis nan koripsyon, trafik enfliyans ki lye ak detounman byen piblik, epi paske anpil ladan yo vòlè tit ak fonksyon yo pa genyen, sa ki vyolasyon flagrant konstitisyon Ayisyèn nan, selon sa lalwa ki te pibliye nan mwa me 2014 sou koripsyon avèk atik 19, 44, 130 ak 217 Kòd Penal Ayisyen an.

N ap note, sosyete Ayisyèn nan toujou ap tire ak boulèt wouj sou diferan aktè sa yo ki se ansyen prezidan, ansyen premye minis, ansyen palmantè elatriye, ki sanse tranpe men yo nan tout zak malonèt ak brigandaj ki pwodui an Ayiti pandan rèy pa yo a.

Finalman, li pa yon sekrè pou pyès moun, «Koripsyon» an se youn nan eleman ki lakòz Ayiti nan sitiyasyon li ye la a, poutan anpil nan responsab ki rive nan tèt peyi a janm deside mennen yon batay danble kont koripsyon an nan pi wo nivo nan leta a. Èske finalman Jij Dimanche ap mete yon fren nan sistèm koripsyon an k ap fini ak Ayiti a sa fè kèk tan ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841