Rogavil Boisguéné ki se prezidan Lakou Siperyè Dèkont ak kontansye administratif Ayiti, adrese yon lèt nan dat 21 Desanm 2023 a, bay anviwon yon dizèn enstitisyon nan Leta a pou mande yo pou yo voye rapò finansye yo bay kou a. Li tou profite raple yo sa te dwe fèt chak 3 mwa.

Pami enstitisyon ki konsène yo nou jwenn: Otorite Ayewopòtyè Nasyonal (AAN), Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD), Otorite Pòtyè Nasyonal (APN), Biwo Monetizasyon èd ak Devlopman (BMPAD), Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Direksyon Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA), Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), Ofis Asirans veyikil kont tyès (OAVCT), Ofis Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Matènite (OFATMA), Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil (OFNAC) ak Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA). Se dekrè lwa 17 me 2005 la ki defini mòd òganizasyon administrasyon Leta a sou plan administratif ki bay CSCCA dwa pou gen rapò finansye enstitisyon piblik yo.

Nan rapò sila enstitisyon yo dwe bay bilan, profi, pè yo fè pandan egzèsis ki sot pase laa, yon analiz detaye sou sitiyasyon finansyè yo. Enstitisyon sa yo te genyen jiska 31 Desanm pou yo remèt rapò sa yo malerezman majorite ladan yo pa rive fè sa.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841