Nan okazyon 220èm anivèsè Endepandans peyi Ayiti a 1e janvye 2024, eskiltè Borgella Dumond enstale nan vil Kotonou peyi Benen an Afrik, nan lokalite Abomey Calavi ki nan lakou «Ogoun Dessalines», yon estati Jean Jacques Dessalines ki se youn nan Ewo endepandans Ayiti yo, epi ki se papa nasyon Ayisyèn nan.

1e janvye 2024 la se yon moman enpòtan pou Ayiti ak Benen, parapò ak enstalasyon sila nan Kotonou, nan yon pòtrè Jean Jacques Dessalines, youn nan ewo endepandans Ayisyèn yo ak papa nasyon an. Borgella Dumond, eskiltè ki fè kreyasyon sa a, te pataje motivasyon li.

Objektif travay sila, daprè Borgella, se pou tabli lyen pi sere ant Ayiti ak Benen nan nivo istorik, kiltirèl ak espirityèl, nan okazyon 220yèm anivèsè endepandans Ayiti 1e janvye 2024. Travay sila deja enstale nan yon ti zòn yo rele «Ogoun Dessalines» (Savalou), yon espas vodou ki sitiye nan Abomey Calavi, nan nò Kotonou nan Benen an Afrik.

«Kòm yon pati nan pwojè Ayiti-Benen, travay mwen an vin tounen yon vektè pwisan pou etabli yon koneksyon kiltirèl ant de nasyon yo. Lè yo reprezante figi ikonik yo ak selebre eritaj kiltirèl pataje,» se sa Borgella Dumond ki pwofesyonèl ak ansyen etidyan nan Art vizyèl nan «École Nationale des Arts» (ENARTS) an Ayiti te esplike.

Lide kreye pòtrè sa a nan onè Desalin, li tradui nou soti nan yon gwoup Ayisyen ki abite nan peyi Benen, kote gen patriyòt ki te gen lontan yo t ap nouri rèv la,ki se wè yon pòtrè Jean Jacques Dessalines fèt pa mwayen yon konpatriyòt, pou li tabli yon kote nan vil sa a ki gen yon pase komen ak Ayiti.

«Apre yo fin dekouvri konpetans mwen atravè sa m reyalize sou paj entènèt mwen, ak videyo mwen yo, yo te rele m pou pote pwojè sa a reyalize,» toujou selon Borgella.

Kreyasyon pòtrè sa a te pran yon mwa travay di. Pou detay teknik yo, atis la eksplike «pòtrè a mezire 34 x 24 pous, pwa li se 26 kilogram». Li tente ak yon lonbraj kaptivan an kwiv, li imòtalize figi anperè a epi reprezante chan batay anperè a ak detèminasyon li.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...