Nou pare pou nou apwofondi dyalòg politik nou an epi elaji lyen komèsyal, ekonomik, syantifik, teknolojik, imanitè, kiltirèl ak Ayiti. Se sa Ministè Afè Etranjè Ris la fè konnen
Chak premye janvye nan yon ane, Repiblik Ayiti selebre anivèsè Endepandans li, yon tradisyon ki tanmen depi 1804, pou jiska jodi a. Se nan kontèks sa a pami plizyè peyi, federasyon Larisi atravè Ministè Afè Etranjè salye 220yèm anivèsè deklarasyon endepandans peyi Ayiti a nan yon nòt Ministè a mete deyò.
An 1804, Ayiti te vin premye eta nan Amerik Latin ak Karayib la ki te libere tèt li anba opresyon kolonyal e ki te pran chemen devlopman souveren. Chemen sa a te difisil e li te lye ak plizyè ane nan entèferans etranje destriktif nan zafè domestik, ki gen ladan entèvansyon dirèk. Fòs lame Amerikèn yo te okipe Ayiti depi 1915 pou rive 1934.
Malerezman, jodi a peyi a fè fas a anpil pwoblèm, sitou yon sitiyasyon krim konplèks alimenté pa faktè ekstèn. Larisi kondane avèk fòs itilizasyon pratik newo-kolonyal ki te afekte Ayiti plizyè fwa.
Relasyon ant Larisi ak Ayiti te toujou chita sou amitye, solidarite, egalite ak konsiderasyon enterè youn lòt. Nou pataje yon angajman pou prensip lwa entènasyonal yo, jan sa ofisyèlman nan Chat Nasyonzini yo, ki gen ladann respè pou souverènte nasyonal peyi a. Nou pare pou nou apwofondi dyalòg politik nou an epi elaji lyen komès, ekonomik, syantifik, teknolojik, imanitè, kiltirèl ak lòt.
Elèv ayisyen yo resevwa edikasyon nan inivèsite Ris ki finanse nan bidjè federal la, e nou gen konfyans yo pral kontribiye anpil nan devlopman peyi yo.
Nou sensèman felisite pèp Ayisyen an nan okazyon anivèsè sa a, epi swete yo lapè, pwosperite ak siksè nan rezoud pwoblèm entèn li yo.
N ap note, divès lòt peyi tankou Venezyela, Kolonbi, Kiba, divès peyi Afriken ak Etazini ki salye 220èm anivèsè a tou.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE