31 Out 2025 se dat saa Premye Minis Ariel Henry promèt lidè CARICOM yo l ap genyen pou li òganize eleksyon jeneral yo Ayiti. Poutan li te fè konnen nan diskou li 2024 se ap yon ane elektoral.

Premye minis Ayisyen an,Ariel Henry asepte pou li òganize eleksyon jeneral nan tout peyi a apati 31 Dawout 2025, daprè sa premye minis Peyi Bahamas la, Philip Davis deklare, aprè yon chita pale pandan 3 jou ki dire plis pase 25è de tan.

Dirijan CARICOM yo fè konnen yo jwenn yon antant ak premye minis Ayisyen an pou òganize eleksyon jeneral nan tout peyia. Desizyon sa pral jwenn sipò nasyonzini, Kanada, OEA.

Pi lwen, yon rapò evalyasyon dwe soumèt avan 31 mas bay Komite a, Dirijan Eta manb nan CARICOM yo mande pou tout Peyi ki konn abitye sipòte Ayiti yo tankou Kanada, Lafrans, Angletè, Brezil kanpe ak Ayiti pou eleksyon sa yo kapab posib.

Yon lòt kote Premye minis Ayisyen an rive jodi a nan peyi Kenya ,nan lide pou fè avanse deplwaman fòs miltinasyonal la an Ayiti,daprè sa jounal Kenyans rapòte, premye minis Ayisyen an ap gen pou chita pale ak plizyè manb nan gouvènman Kenya pou finalize pwosesis deplwaman fòs miltinasyonal la an Ayiti .

Daprè Ronald Sanders,Anbasadè Antigua e Barbuda pou Etazini epi OEA, Sanders te deklare Etazini avèk Lafrans se 2 prensipal responsab nan sa k ap pase Ayiti a, anbasadé a di 2 peyi sa yo,se yo menm ki kraze Ayiti, yo ta sipoze pran devan pou ede Ayiti sòti nan sa li ye la, anbasadè a di li wè tou kominote entènasyonal la pa bay Ayiti anyen regle pou li, eksplwatasyon ki te konn fèt sou Ayiti, se yo menm ki rann peyi a pòv konsa epi destabilize Ayiti, anbasadè a di se pou peyi sa yo asime responsabilite yo .

Akò 21 desanm 2022 a ki te siyen ant divès aktè politik Ayisyen, te fikse fen pouvwa Ariel Henry a pou 7 fevriye 2024 pase a, selon atik 20 akò sila. Sepandan, selon sa responsab CARICOM yo pibliye mèkredi 28 fevriye 2024 la, eleksyon jeneral pou eli yon prezidan an Ayiti ap fèt 31 dawout 2025. Nan sans sa, èske se òganizasyon rejyonal la ta nan mare sosis li avèk Ariel Henry pou li kontinye kenbe pouvwa a ?

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841