BIM, Ayewopò, Lekòl, Komisarya, Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè se kèk espas bandi yo atake

Yon latriye bandi ak gwo zam fann fwa mete Pòtoprens tèt anba jedi 29 fevriye 2024 la, sou baz yo vle retire Ariel Henry sou pouvwa a; yon sitiyasyon ki panike tout peyi a. Pou pi piti 4 moun (polisye) mouri anba kout bal bandi, plis pase 12 lòt moun blese ak anpil dega materyèl komèt nan divès komin ak enstitisyon nan depatman Lwès la.

Byen bonè nan maten jedi 29 fevriye a, te deja genyen anpil tire nan zòn ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti ak Guy Malary, selon sa yon sous polisyè te di «Dèyè Mòn Enfo», kote bandi ak gwo zam te atake baz BIM nan ki nan zòn Klersin. Pi lwen, genyen yon bal ki rive antre frape mi teras Servotel ki devan antre ayewopò a.

Sitiyasyon malouk sila ta pral fòse vòl entènasyonal ki soti epi ki prale Ozetazini atravè Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a nan Pòtoprens, ak tout vòl nasyonal yo, anile, aprè plizyè avyon, espas Ayewopò Tousen Louvèti ak Guy Malary te resevwa plizyè kout bal bandi.

Kèk tan aprè, nou ta pral aprann genyen yon atak ame ki fèt nan sou Komisarya Pòtay Legàn nan ki twouve li nan Pòtoprens, kote bandi pran espas la an otaj, men sitou yo mete dife ladan l epi boule tout sa yo jwenn sou lakou a, tankou machin.

Bandi yo ki nan ak gwo zam fann fwa lari a an Ayiti

Se pa t ankò fini, bandi ak zam nan men yo te anvayi lokal Fakilte Agronomi ak Medsin Veterinè nan Inivèsite Leta Ayiti a (UEH) ki nan Damien, kote yon Etidyan blese nan zòrèy. Daprè yon sous ki te sou plas, bandi yo te pran lokal la ak tout Etidyan yo an otaj, anvan yo te vin chanje lide epi kite yo ale.

Nouvèl ki pi tris nan jounen sila, lye ak yon atak gang Kanaran Jeff ap dirije, ki gen non Taliban, fè sou Komisarya Bon Repo a, kote yo fizye 4 polisye pami yo yon enspektè. De plis, yo pran yon ti cha blende ki te nan paraj la, yo mete dife nan komisarya ak tout sa ki nan lakou a. 4 polisye ki tonbe nan dram sila se: Marion Junior ki se Enspektè prensipal la, Pierre Luciana ajan 2, Jean Baptiste Guilliamson ajan 1 ak Pautrace Resula 1. N ap note, nan sèlman 2 mwa nan ane 2024 sa a, se deja 7 polisye ki tonbe anba kout bal bandi yo.

Tout evènman sa yo pwodui, se tou suit aprè deklarasyon Ariel Henry fè nan CARICOM, kote li di se 31 dawout 2025 l ap òganize eleksyon an Ayiti, kote te genyen anpil tire ak gwo kouri nan anpil zòn Pòtoprens, tankou nan Mache Salomon, Channmas, ri Lama, Pòtay Leyogán, Jeral Batay, Kafou Rita, Bon Repo…

Finalman, soudènman, chèf gang G9 la, Jimmy Cherisier (Barbecue), ta pral revandike ansanm atak ame sa ki fèt nan plizyè komin nan Pòtoprens, ki touye 4 polisye, divès blese ak anpil lòt dega. Li di sa pandan yon konferans pou laprès li bay jedi 29 fevriye 2024 la. Chèf bandi a deklare gang «Viv Ansanm» fè sa, se pou jete Ariel Henry Barbecue rele «enmi pèp Ayisyen» an. N ap raple, Nasyonzini ak anpil peyi te di yo sanksyone chèf gang nan.

Anpil moun ap mande ki rezon ki pouse bandi sa yo touye polisye, kraze, brize, boule komisarya, anvayi enstitisyon, tire sou ayewopò, sou baz y ap fè revolisyon kont Ariel ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...