Dosye Asasina Prezidan Jovenel Moïse : Mario Antonio Palacios Palacios 45 lane, kondane vandredi sa a pou li pase tout rès vi li nan prizon pou patisipasyon l nan asasina prezidan Moïse la. Plede koupab an desanm 2023, Jij Jose Martinez di Palacios te patisipe nan touye Prezidan an, menm si li pa t prezan nan espas la. Avoka Palacios la, Alfredo Izaguire, te mande yon pèn 30 lane pou koupab la, pwokirè federal yo kapab tounen sou desizyon an pou kondane li pito pou 30 lane, paske li te kolabore ak la jistis amerikèn.

Clarens Charles

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841