Pandan diskou anyèl li bay Nasyon an ayè jedi a 29 fevriye 2024 la, Prezidan Poutine avèti peyi manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik sou risk ki genyen nan yon konfli nikleyè si yo voye sòlda nan Ikrèn, e li ajoute Larisi ap ranfòse tèt li militèman aprè antre Fenlann ak Syèd nan Alyans Transatlantik la.

Prezidan Ris Vladimir Poutin te avèti peyi manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik jedi 29 fevriye sou risk ki genyen nan yon konfli nikleyè si yo voye sòlda nan Ikrèn, e li ajoute Larisi ap ranfòse tèt li militèman apre Fenlann antre ak Syèd nan Alyans Transatlantik la.

«Nou menm tou nou gen zam ki kapab frape tout peyi ki rantre tèt yo nan lojik sa» avètisman Vladimir Poutin fè pandan diskou anyèl li bay Nasyon an bay Palman an Ris, estime menas Lwès yo kreye yon «risk reyèl» nan konfli nikleyè sa. «Tout sa yo ap envante kounye a, sa yo ap fè mond lan pè, tout bagay sa yo konstitye yon menas reyèl nan konfli ak itilizasyon zam nikleyè, ki vle di destriksyon nan sivilizasyon,» ke prezidan Ris la te fè konnen.

Mansyone nan kòmansman semèn nan pa Prezidan franse Emmanuel Macron , ipotèz pou ta voye twoup Lwès OTAN yo nan Ikrèn nan okò ak Etazini ak plizyè nan alye Ewopeyen yo.

Avril Jean Launy, Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar