Nan yon atik jounal Ameriken Miami Herald pibliye ayè mèkredi 19 jen 2024 la, yo di pèn prokirè nan jistis amerikèn mande pou bay Yonyon yon gwo kidnapè ki t ap feraye nan peyi Ayiti sitou nan Kwadèboukè. Jounal la tou revele yon ansanm deklarasyon Yonyon fè.

Pwokirè yo mande pou bay Yonyon chèf gang 400 Mawozo a prizon avi. Yo fè demann sa a, nan yon rekòmandasyon yo voye bay Jij John D. Bates, avan kondanasyon Germine Joly alyas Yonyon, 24 jen kap vini la. Pwokirè federal yo USA di se prizon avi ansyen Chèf gang 400 mawozo a merite, parapò ak kalite zak li fè an Ayiti.Avoka Yonyon yo konteste rekòmandasyon pwokirè yo, e yo di kliyan yo a ta dwe kondane pou plis pase 17 lane prizon.

Yonyon mande prokirè yo padon pou tout zak li fè yo, eli promèt pou li pa janm fè sa ankò. Pilwen li di li patap renmen pou manman li mouri san li pa wèl pandan li nan prizon an. Li t ap renmen tounen Ayiti pou vin jwenn fanmi li.

Yonyon deklare devan Lajistis amerikèn, Germine Joly alyas Yonyon di, ansyen Senatè Lwès la atravè yon entèmedyè, te voye 5 zam ba li nan lane 2014, pou te ede l nan kad kanpay elektoral li. Yonyon di lè li refize travay pou Senatus, oubyen sipòte kandidati li, ansyen palmantè a, daprè sal rakonte, te monte yon plan kont li. Yon seri akizasyon Jean Renel Senatu voye jete byen lwen, e fè konnen li pa konn Yonyon, li pa konn kote l abite. Ansyen komisè gouvènman an di Miami Herald, li te jwe yon gwo wòl nan arestasyon Yonyon an Ayiti, se pou sa Yonyon t ap menase l ak tout paran l, ki te oblije kite Ganthier

Aprè Yonyon te fin kidnape, touye yon pil Ayisyen, li te rive kidnape tou yon group misyonè Ameriken an Ayiti kote se gwo negosiyasyon ki te pèmèt misyonè sa yo soti anvi.

Daniel Jean, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841