Nouvo Minis Defans Ayiti a Jean Marc Berthier Antoine, mande direktè jeneral Ministè a kolonèl Louis Marcelin Daniel pou mande Lyetnan an chèf la Jodel Lesage, pou mete lame Ayiti an pozisyon D. Nan kad evalyasyon twoup yo li mande ak jeneral la pou bay enstwiksyon pou tout sòlda ki an detachman rantre nan baz pou mezi ki pral gen pou pran nan kad batay pou ranfòse FADH la pou fè fas ak menas ki peze sou do peyi a. Se Madi 18 Jen 2024 la lèt sila adrese ak chèf lame a.

Tout sòlda ki an detachman yo dwe rantre nan baz rapid vit pou yon evalyasyon de tout twoup yo. Se sa nou li nan sikilè ministè a mete deyò.

Nouvo minis lan ki te enstale 12 jen pase a te di nan diskou li ke li pral mete tout konesans li pou sèvi peyi a. Anplis li pral travay pou ranfòse kapasite operzsyonèl lame a pandan li pral itilize nouvèl teknoloji yo pou mete yon sistèm sou pye pou lame a genyen bon jan enfòmasyon.

N ap raple sa genyen anviwon 2 lane lyentnan jeneral la te di nan diskou li, si gouvènman Ariel Henry a mete 2 cha daso, yon elikoptè konba disponib pou lame a nan 2 semèn y ap mete fen ak tout dezòd ensekirite gang yo nan peyi a. Se ak dlo nan je li te prononse diskou sila.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841