Nan yon lèt yo adrese 27 jen 2024 la, Ministè jistis ayiti ki ap dirije pa Mèt Carlos Hercule kanpe Ronald Richemond nan tèt pakè Okay la. Ministè a di yo pran desizyon sila suit ak divès repròch ak plent ki pote kont komisè a nan jiridiksyon an.

Se sibtiti komisè gouvènman James Jean Louis ki ranplase Mèt Richemond nan pòs la.

Se te nan dat 18 oktòb 2022 jounalis Garry Teste te disparèt nan nan okay epi se aprè anviwon yon semèn yo ta pral jwenn kadav la. Anpil fwa pat sispann leve kont komisè Richemond anpil moun di ki ta genyen men li tranpe nan asasina jounalis la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841