Kanada anonse Mèkredi 26 Jen 2024 la, li pral kontribye yon lòt $5,7 milyon finansman pou apiye deplwaman Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal pou Ayiti a.

Minis Afè Etranje Melanie Joly anonse jodia ke Kanada pral mete lajan an nan Fon Nasyonzuni tabli pou misyon MMSS Ayiti a.
$5,7 milyon sa a se yon sòm an plis de $80,5 milyon Kanada te anonse pou Fon Nasyonzuni an nan mwa Fevriye ane sa a. Lajan sa a prale pou apiye dirèkteman deplwaman misyon Kenya ap dirije a, daprè sa gouvenman Kanadyen an di.
Kanada fè konnen l ap travay tou ak peyi k ap kontribye nan misyon MMSS la pou fè fòmasyon pou polisye yo pral deplwaye yo epi tabli mekanism pou anpeche abi dwa moun ak zak vyolans ak abi seksyèl kont fanm ak timoun epitou omoseksyèl yo.

Met sou $5,7 milyon li anonse jodia, Kanada te kontribye $12,5 milyon pou apiye 3 pwojè ki gen kom bi pou ranfòse PNH la epi amelyore sekirite a pou sitwayen Ayisyen yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841