Pandan pasaj li Ozetazini nan washington, premye minis Ayisyen, Garry Conille te pwofite bay yon entèvyou ak RFI , premye minis Ayisyen an bay garanti yon lòt fwa ankò Leta pral repran kontwòl tout teritwa nasyonal la, li pwofite pou li presize efektif polisye Kenya ki an Ayiti yo se anviwon 200 li ye e yap tann lòt efektif nan jou kap vini la yo san li pa bay okenn dat .
Yon dezyèm kontejan fòs miltinasyonal la dwe rive an Ayiti nan semèn kap vini yo daprè premye minis Garry Conille ki pat vle bay detay sou kantite polisye li espere kap vini yo pou rezon sekirite ,Garry conille bay popilasyon an asirans, li pwofite pou li di tou fòs miltinasyonal la pap ranplase lapolis okontrè yo pral travay ansanm ak lapolis epi lame pou retabli sekirite nan peyi a .
Yon lòt kote nan entèvansyon li, premye minis lan di li pa ekate posibilite pou ta rive negosye ak gang yo. Alòske kowalisyon gang viv ansanm yo atake epi mete dife nan komisarya Saint Charles ki nan komin Kafou nan sware 1e pou louvri 2 jiyè 2024 la. Yon aksyon bandi yo poze nan mwens 24è tan aprè yo te fin atake komisarya epi touye plis pase 20 moun nan gresye. Anplis de sa byen bonè maten jedi 4 jiyè a bandi yo kontinye ap montre yo pa pè e yo p ap rekonèt otorite nouvo chèf yo nan Leta a kote yo te ale simen panik nan katye Solino nan Pòtoprens.

Nan komin Tirivyè Latibonit menm toujou maten jedi sa bandi Savyen yo ki okipe Kafou Pèy simen katouch sou moun ki t ap frekante zòn nan kote plizyè ladan yo ki blese ap pran swen sou kabann lopital nan vil Senmak. Anplis de sa yo kidnape yon dividal lòt moun ak machin.
« Garry Conille, nou bezwen aksyon konkrè. Yon ventèn moun mouri, blese gresye. San konte sa yo kidnape. Bandi yo montre yo pa pè okenn otorite, popilasyon an wè se twit, nòt, foto vwayaj k ap fèt, li pa santi okenn sekwe kò. Kote repons a sitiyasyon sekiritè a? Yo mete dife sou yon chofè ki t ap soti Jakmèl PM. Yo fè moun yo desann machin nan yo tire mesye a yo boule l. Kisa k ap fèt menm? Ou pa ka vini la a ou desann lavil al gade kijan yon bò nan kapital la kraze, pou kounye a se pwopagann w ap fè. Nou p ap pran l ! » Se mesaj sila aktris Ayisyen Gaëlle Bien-Aimé voye bay chèf gouvènman Ayisyen an.
Lèzetazini mande ranfòsman sanksyon kont gang yo ann Ayiti, pandan Nasyonzini bò kote pa l prezante yon tablo sonm de peyi a, malgre rive premye kontenjan Kenya nan yon fòs sekirite miltinasyonal la. Nan yon sesyon Konsèy Sekirite Nasyonzini, Anbasadè Ameriken Linda Thomas-Greenfield di kominote entènasyonal la dwe rann gang yo responsab tout sa ki pase an mal ann Ayiti yo.
Paralèlman vyolon yo pa vin akòde ant manb konsèy prezidansyèl la ak premye minis Conille ki selon plizyè sous se sou Whatsapp li te enfòme konseye prezidan yo l ap deplase kite peyi a yon jou avan li te deplase. Yon konpòtman manb konsèy yo pa byen wè.