Nan gwo kriz sosyo-ekonomik ak politik k ap tayebanda nan peyi Kenya depi plizyè mwa, prezidan peyi sa a, William Ruto , revoke tout manm gouvènman li an pou enkonpetan. Sof minis Afè etranjè a ak vis prezidan an li kite nan pòs yo, sa vle di, se plis pase 20 minis ki tonbe. Sa pase maten jodi jedi 11 jiyè 2024 la.

Gwo kokenn chen chay dèt kap peze sou do Kenya ta sipoze ogmante pi plis apre manifestasyon kote moun mouri nan peyi a. Met sou sa, palman an rejte pwojè lwa finans Prezidan William Ruto te pwopose pou antre lajan pou peyi a. Kounyea, Ruto lanse avètisman pou di bagay sa yo pal gen « gwo konsekans ».
Fas ak apèl moun ap lanse pou mande l demisyonnen, Ruto di gouvènman li an pral redui bidjè $2,7 milya li te pwopoze a de mwatye epi prete rès lajan an san li pa di ki kote li pral prete l.

Dèt piblik Kenya vo yon afè de $80 milya e li reprezante 70% pwodui nasyonal bri peyi a – swa nivo pi wo Kenya konstate depi 20 an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841