Premye Minis Gary Conille pwononse yon diskou devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an 3 jiyè 2024 la kote li bay detay sou sityasyon Ayiti ak travay gouvènman li an ap fè pou rezoud kriz kap trakase Ayiti depi lontan an.

Conille di debakman premye kontenjan polisye Kenyan yo an Ayiti make yon etap esansyèl nan pwosesis pou retabli sekirite an Ayiti.

Conille eksprime konfyans ak optimis li vizavi pwogrè ki deja fèt, an menm tan ke li detaye gravite sityasyon aktyèl peyi a.

« Ayiti rive nan yon pwen kritik kote 12,000 endividi kenbe yon popilasyon 12 milyon moun an otaj. »

Yon kontenjan 200 polisye Kenyan rive Ayiti semen pase a nan kad misyon sipò sekirite pou Ayiti a kote yo pral ede fòs polis nasyonal la konbat gang ki prèske finn pran kontwòl kapital la nèt. Met sou sa yo rann pi grav yon kriz imanite ki lakoz 600 mil moun oblije kouri kite kay yo epi 5 milyon moun ap fè fas ak ensekirite alimantè grav.

Delegasyon Ayiti nan rankont la te enkli Minis Afè Etranjè a Dominique Dupuy. Reprezantan kèk pami peyi manm Konsèy la te pran la pawol.

Anbasadris Etazini Linda Thomas-Greenfield te fè chita tande ak Conille apa, kote yo te diskite sou manda BINUH (Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti) kap pran fen nan fen mwa Jiye a, angajman Etazini pou l kontinye sipòte misyon sekirite pou Ayiti a epi jefò Ameriken ap fè pou apiye rejim sanksyon ki vize egzije moun ki responsab pou zak vyolans yo pran responsabilite yo.

« Pèp Ayisyen an merite an fen pou viv an pè – pou al travay lekòl oubyen legliz san menas zak vyolans. « 
Anbasadè Larisi a, ki okipe plas prezidans Konsèy la mwa sa a kritike Etazini pou pakèt zam k ap soti lakay li nan bato ak ti avyon pou ame gang yo.

Minis Afè Etranje Repiblik Dominikèn nan, Roberto Alvarez te prezan tou. Nan deklarasyon pa li misye di se responsabilite pèp Ayisyen an ak lidè li yo pou jere sityasyon Ayiti a.

Li felisite tou jefò kominote entènasyonal la ap fè pou ede Ayiti soti nan kriz la. Li ajoute Ayiti « sou bon chimen an ».

Anvwaye adjwen Kenya a nan LONU, Njambi Kinyungu te pran la pawòl tou kote li di premye kontenjan polisye peyi li resevwa yon akèy chalere an Ayiti e ke yo deja tanmen operasyon ak polis nasyonal Ayiti.
Rankont LONU an ap dewoule aprè rankont Premye Minis Conille ak Minis Afè Etranjè Dupuy te genyen ak Sekretè deta Antony Blinken nan Washington, yè Madi a.
Kèk enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan.

Sous: VOA kreyòl

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841