Pou pi piti 70 moun pèdi lavi yo nan yon atak san parèy gang Gran grif te lanse, jedi byen bonè nan maten, sou popilasyon Pont-Sondé a, selon yon dènye bilan Nasyonzini pibliye vandredi 4 Oktòb 2024 la.

Nan yon kominike, LONI fè konnen manm gang Gran grif yo asasinen pou pi piti 70 moun, ladan yo 10 fanm ak 3 ti bebe !

Yon atak sanglan ki fòse plizyè abitan kouri kite zòn nan pou al refijye yo nan lòt vil, tankou Senmak.

Daprè rapò Komisarya Nazyonzini pou dwa moun gang savyen an boule 45 kay e kankannen 34 machin, e yo « sezi » apre atak sa.

LONI pwofite mande pou otorite yo an Ayiti fè yon ankèt rapidvit pou jwenn men kache dèyè atak sa, e trennen yo tribinal kòmsadwa, toutpandan y ap garanti reparasyon viktim yo ak fanmi viktim yo

Yon lòt bò, Konsèy prezidansyèl la kondane atak gang savayen an, ki gen nan tèt li Luckson Elan, ki voye plis pase 15 moun al kouche sou kabann lopital.

Konsèy prezidansyèl di li pase lòd ak otorite konsène yo pou yo retabli lòd nan Pont-Sondé.

Pi lwen, Konsèy prezidansyèl renouvle volonte l pou l tabli sekirite nan peyi a, e fè konnen prensip la se : « Zewo tolerans ak fòs k ap terorize popilasyon an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841