Inite k ap lite kont koripsyon Ayiti, nan rapò li rann piblik 2 Oktòb 2024 la, mande lajistis mete aksyon piblik an mouvman kont 3 konseye prezidansyèl sa yo: Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak Raoul Pierre Louis, ansyen prezidan BNC a ki te enplike nan yon skandal koripsyon 100 milyon goud. ULCC mande Etazini voye Raoul tounen Ayiti.
Prezidan Edgard Leblanc pa deside siyen rezolisyon ki lye ak prezidans tounant lan 6 konseye siyen epi fè yon lòt « so » pou otantifye dokiman an. Edgard Leblanc ki t ap kwòdone konsèy la e manda li pran fen 7Oktòb saa te fè deklarasyon sa yo ayè dimanch pandan li t ap adrese li ak nasyon an.
6 sou 7 manb KPT a te pran yon rezolisyon pou pa ekate 3 manb konsèy prezidansyèl la ki enplike nan rapò ULCC fè sou ka koripsyon dosye BNC

Prezidan Edgard Leblanc fè konnen wout konsèy la pran nan gran majorite pa bon, li riske lage nou nan enstabilite, sa k ap rann sitiyasyon peyi a pi grav epi pwolonje peryòd tranzisyon an. Li fè deklarasyon sa, ayè dimanch 6 Oktòb 2024 lan adrès li ak nasyon an.
Daprè mèt André Michel ki se youn nan siyatè akò 21 Desanm , ki gen reprezantan yo Louis Gérald Gilles nan KPT a ki enplike nan koripsyon daprè rapò ULCC a deklare, depi yo te fin aksepte pou mete yo sou kote nan kad prezidans tounant lan, Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin tousuit KPT a rekonèt zak koripsyon yo.Yo pa ka kontinye syeje nan konsèy prezidansyèl la. Yo dwe kite KPT a pi vit ke posib.
Selon sa radio tele Metronome anonse 7 Oktòb saa, Kolektif 30 Janvye ki se siyatè akò 3 Avril la ki te deziye Prezidan Edgard Leblanc nan KPT a, deja mande prezidan pou retire kò li nan konsèy la. Yo anonse y ap konsètè ak lòt aktè ki nan peyi a pou yon tranzisyon pi estab.
Premyè Minis Conille Garry li menm kite peyi a pou rann li nan Kenya ak Emira Arab Ini pandan semèn sa a. Li pral diskite ak prezidan William Ruto sou pwochen kontenjan Kenyan ki dwe antre Ayiti yo, l ap chanje sou patenarya Ayiti ak Emira Arab Ini nan teknoloji, sekirite.
Lesly Voltaire ap ranplase edgard Leblanc kòm prezidan KPT a lendi 7 oktòb 2024 sila. Desizyon sa a pran vandredi 4 Oktòb la selon yon pwotokòl dakò ki jwenn ant 6 sou 7 manm votan KPT a. Smith Augustin ak Louis Gerald gilles pèdi plas yo nan prezidans tounant lan, men y ap toujou rete konseye. Fritz Alphonse Jean ak Laurent Saint-Cyr ap siksede Voltaire selon rezolisyon an e se sèlman Edgard Leblanc ki pa siyen.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE