Lapolis Jamayik arete, samdi ki sot pase la, 20 sitwayen ayisyen ki t ap eseye antre ilegal nan peyi Jamayik sou yon bato

Bato migran Ayisyen yo ateri sou yon plaj nan Kensgton, Portland, kote lapolis te rive entèsepte migran yo.

Pandan entèvansyon fòs lòd yo, gen 5 Ayisyen ki te pran kouri, selon sa yon temwen rapòte. Men lapolis te fini pa kenbe yo.

Selon otorite Jamayik yo, pami 20 Ayisyen yo, gen14 gason, 4 fanm ak 2 timoun. Youn nan timoun yo se yon ti bebe.

Pou kounya, migran ayisyen yo nan pòs polis, Pò Antonio a an atandan desisyon otorite imigrasyon nan peyi Jamayik.

Yon lòt bò, òganizasyon Fredom Imaginaries, yon gwoup k ap defann dwa moun, vote yon lèt bay ministè nasyonal sekirite Jamayik pou mande pou etidye posibilite pou bay 20 Ayisyen yo yon estati refijye ou byen azil.

Ministè nasyonal sekirite peyi Jamayik poko reponn.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841