Pèsonèl ki sante yo nan Savanèt deside sispann travay jiska nouvèl lòd selon sa yo fè konnen nan yon nòt yo rann piblik Jedi 10 Oktòb 2024 la.

Endividi gran chimen anpil moun konnen sou non Tino ak lòt akolit li Tiricha ensi koni antre nan matènite Savanèt Mèkredi 09 Oktòb 2024 bò 11 zè nan aswè fè tantativ asasina sou responsab matènite a Ismaël Joseph ak medsen rezidan François Frantz ki ap bay swen sante yon bon tan nan kominote Savanèt la selon sa yo esplike nan nòt la.

Medsen yo rakonte Tino rale kouto epi rive frape yo tou 2. Alòske medsen yo inyore rezon ki fè mesye sila yo rive fè atak sou yo.
Sitiyasyon saa pouse non sèlman rezidan ki viktim yo ak tout rès pèsonèl sante yo pran desizyon pou yo sispann travay jiskaske aksyon piblik metel an mouvman kont endividi gran chimen sa yo ki ap kreye latwoublay nan mitan popilasyon an.

Administrasyon sant lan fè konnen yo deja deside ak tout pèsonèl sante yo nan Savanèt pou pote plent fòmèl kont endividi ki gen non Tino e ki siyen Noisette

Nap raple sant sante Fani Monteo gen anpil mankman. Pa gen sekirite, pa gen laboranten, medsen nan sant lan se sèvis sosyal y ap fè, se sant lan ki akonpaye yo nan kèk bezwen ak mèg mwayen ke l genyen. Pa gen entran ak medikaman pou akonpaye malad yo etc …Anplis sante Fani Monteo se sèl espas sanitè ki disponib pou popilasyon an vin pran swen ka yo nenesiste .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841