Pope Francis leads the Pentecost Mass in the Blessed Sacrament chapel of St. Peter's Basilica, at the Vatican on May 31, 2020, for the first time since lockdown was imposed three months ago to curb the spread of COVID-19, caused by the novel coronavirus. (Photo by Remo CASILLI / POOL / AFP)

Nan priyè Pap Franswa tap fè dimanch 13 oktòb 2024 la, li egzòte kominote entènasyonal la pou yo pa bliye pèp Ayisyen k ap fè fas ak vyolans.

Chèf legliz katolik la di l ap suiv jan pèp ayisyen an ap soufri akoz vyolans gang yo.

Yon sitiyason « dramatik » ki fòse moun yo kouri kite peyi a.

« Moun yo oblije kite kay yo, pou y al chache sekirite lòt kote » dapre Pap la ki mande kominote entènasyonal la pou travay nan lide pou konstwi lapè ak rekonsilyasyon nan peyi a.

Nan moman lapriyè sa dapre sa jounal Vatican News Rapòte Pap la di « Piga nou bliye frè ak sè Ayisyen nou yo ».

Li ale pi lwen , Kote li egzòte fidèl li yo pou priye pou tout fòm vyolans kaba an Ayiti.

N ap raple vyolans gang yo an Ayiti fòse plis pase 700 mil moun kouri kite kay yo pou y al refijye yon lòt kote, selon dènye rapò OIM te mete deyò a.

Pou kounya, gen yon fòs miltinasyonal ki gen nan tèt li peyi Kenya k ap ede Lapolis Nasyonal Ayiti goumen kont gang yo nan peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841