Edikasyon se youn nan pi gwo motè devlopman nan yon peyi, men malerezman, sistèm edikasyon Ayiti toujou rete enkapab pou reponn ak bezwen sosyal ak ekonomik peyi a. Anpil ane pase, gen anpil diskisyon sou feblès sistèm nan, men chanjman reyèl yo toujou manke. Rezon prensipal la se paske sistèm edikatif la pa adapte ak reyalite sosyal Ayiti, epi li souliye nesesite ijan pou yon refòm fon nan sektè a.
Yon sistèm depase pa tan
Pwogram edikatif Ayiti yo, nan anpil aspè, rete trè terorik ak deyò reyalite lavi chak jou popilasyon an. Anpil lekòl kontinye itilize kourikoulòm ki pa prepare elèv yo pou fè fas ak defi ki pi enpòtan nan sosyete a, tankou chomaj, povrete, ak devlopman dirab. Leksyon yo konn konsantre sou memorizasyon epi mwens sou devlopman kapasite kritik, kreyativite, ak kapasite pou rezoud pwoblèm.
Yon lòt pwoblèm grav nan sistèm edikasyon an se mank aksè inivèsèl. Anpil timoun ki soti nan fanmi defavorize pa gen chans pou jwenn yon edikasyon bon jan, swa paske fanmi yo pa gen mwayen pou peye lekòl prive, oswa paske lekòl piblik yo twò ra ak manke resous. Kidonk, inegalite sosyal yo reflete nan sistèm edikasyon an, kote yon timoun ki soti nan zòn riral oswa nan fanmi pòv gen mwens chans pou reyisi pase yon lòt ki soti nan yon fanmi ki gen mwayen.
Sistèm Lang ak Eksklizyon Elèv yo
Youn nan pi gwo kontradiksyon nan sistèm edikasyon Ayiti a se kesyon lang lan. Malgre ke majorite popilasyon an pale kreyòl, sistèm edikatif la toujou mete yon gwo aksan sou fransè, yon lang anpil timoun pa metrize. Sa aji kòm yon baryè ki entèdi anpil timoun ak jèn gen aksè a bon jan aprantisaj. Kreyòl, lang nasyonal la, pa toujou jwenn valè li merite nan lekòl yo, sa ki lakòz yon gwo fristrasyon nan mitan elèv yo epi limite pwogrè yo.
Mank Alineasyon ak Mache Travay la
Yon lòt gwo defisyans nan sistèm edikasyon an se dekoneksyon li ak mache travay la. Anpil elèv gradye san yo pa genyen konpetans ki nesesè pou enskri nan travay oswa devlope aktivite pwòp yo. Pa gen ase pwogram fòmasyon pwofesyonèl, teknik, ak vokasyonèl ki ta ka pèmèt jèn yo sèvi ak kapasite yo pou kontribye nan devlopman peyi a. Sa lakòz yon sipè-abondans diplome san preparasyon pou lavi pwofesyonèl, sa ki ogmante chomaj nan mitan jèn yo epi rann devlopman ekonomik peyi a pi difisil.
Refòm Nesesè pou yon Sistèm Edikasyon Modèn
Li klè ke yon refòm pwofon nan sistèm edikasyon Ayiti a pa sèlman ijan, men li nesesè pou prepare jenerasyon kap vini yo pou yo fè fas ak defi sosyal ak ekonomik peyi a. Gen plizyè eleman esansyèl ki ta dwe konsidere nan refòm sa a:
1.Modènizasyon Pwogram Lekòl yo: Kourikoulòm lekòl yo bezwen refòme pou ankouraje panse kritik, inovasyon, epi reflechi sou bezwen reyèl peyi a. Lekòl ta dwe plis oryante sou aprantisaj ki aplikab nan lavi chak jou ak nan devlopman kominote yo.
- Fòmasyon Pwofesyonèl ak Teknik: Ogmante kantite lekòl pwofesyonèl ak teknik pou prepare jèn yo pou antre nan mache travay la avèk konpetans solid. Fòmasyon pwofesyonèl nan agrikilti, teknoloji, atizay, ak sèvis ta ka ede diminye chomaj jèn yo epi ankouraje antreprenarya.
3.Amelyore Aksè ak Egalite: Yon refòm dwe vize fè edikasyon tounen yon dwa inivèsèl, espesyalman pou timoun ki soti nan zòn riral ak fanmi defavorize. Sa mande plis lekòl piblik, plis resous, ak plis sipò pou fanmi ki nan difikilte.
- Rekonèt Lang Kreyòl la: Pou edikasyon an reyèlman enkli tout timoun, li enpòtan pou kreyòl jwenn yon plas kle nan sistèm edikatif la. Ansèyman an kreyòl ta pèmèt elèv yo konprann lekòl pi byen, devlope kapasite yo, epi kontribye efektivman nan sosyete a.
Ayiti bezwen yon sistèm edikasyon ki alèz ak reyalite sosyal li, yon sistèm ki prepare jèn yo pou yo pa sèlman siviv, men tou pou yo kontribye nan rekonstriksyon peyi a. Refòm edikatif la ta dwe youn nan pi gwo priyorite gouvènman an ak patnè entènasyonal yo si peyi a vle jwenn yon avni miyò. Edikasyon se kle ki pral ouvri pòt pou yon Ayiti pi pwospè ak jist.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE