Administrasyon Trump la mande Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) pou l bloke pou 90 jou tout asistans etranje l ap bay ann atandan yo revize asistans sa yo.

Daprè done USAID pibliye sou sit li, Ayiti te resevwa $420 milyon asistans pandan ane 2024 la.

Men kijan lajan an te distribye:

Repons Sityasyon Ijans – $230.9M
Sida / VIH – $57.62M
Depans Operasyonèl – $26.02M
Edikasyon de Baz – $12.37M
Agrikilti – $15.55M
Dlo ak Sanitasyon $12.54M
Gouvènans ak Sosyete Sivil – $21.59M
Sante Matènèl, Timoun, Planin Familyal – $19.06M
Sante de Baz – $10.31M
Pwoteksyon Anviwonmantal Jeneral – $7.187M
Asistans Alimantè, Devlopman, Sekirite Alimantè – $10.24M

Mezi pou bloke asistans Etazini ap bay ak lòt peyi a rive tou sou misyon sekirite Ayiti MSSM nan. Selon divès medya Ameriken genyen 2 ekspè nan sekirite administrasyon Biden nan te pran pou ede MSSM nan, ki deja resevwa emèl ki mete yo sou poz.

N ap raple, Ayiti te okipe premye plas sou lis peyi nan rejyon Amerik Latinn nan ki resevwa plis asistans nan men USAID.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841