Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) lanse jounen madi 14 janvye 2025 lan « MADI NASYON AN ». Se yon inisyativ KPT a ak Gouvènman an pran pou ranfòse kominikasyon ant Leta ak popilasyon an. Chak madi, otorite yo ap adrese yo ak pèp la pou enfòme tout moun sou pwojè Leta ap reyalize yo.

Pou lansman an, jounen madi 14 janvye 2025 lan, Ekselans Leslie Voltaire mete aksan sou vizit Prezidan kolonbyen an Gustavo Petro ap gen pou reyalize nan vil Jacmel jounen 22 janvye k ap vini la a. Vizit sila a ap ranfòse kowoperasyon nan mitan 2 peyi yo. Nan sans sa a, reprezantan 2 nasyon yo ap òganize yon Konsèy minis binasyonal nan vil Jacmel epi reyalize plizyè lòt aktivite an favè popilasyon an.

Vizit Prezidan Gustavo Petro an Ayiti a ap make yon pa enpòtan nan kolaborasyon Ayiti ak peyi Amerik Latin yo. Prezidan KPT a tou pwofite anonse kèk lòt gwo rankont ki gen pou fèt nan peyi Chili ak Brezil pou kontinye kowoperasyon ak peyi nan rejyon an.

Pi lwen, Ekselans Leslie Voltaire anonse inogirasyon pò Sen Lwi di Sid la pou vandredi 17 janvye 2025 lan. Li fè konnen tou Konsèy la ap kontinye batay pou fè pèp la rale yon souf sitou nan kesyon sekirite a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841