Selon Rezo Nasyonal k ap defann dwa moun (RNDDH) ki rapòte masak sa, viktim yo se pèsonaj, granmoun ki gen anviwon 60 lane.

Daprè RNDDH, Masak sa rive akoz yon timoun ki ta tonbe malad. Apre Chèf gang Mikanò konsilte yon bòkò, li aprann se lougawou k ap manje timoun nan.

Pou vanje, Mikanò ak gang li asasinen ak bal ak manchèt, kouto 110 kretyen vivan nan Site solèy (60 moun nan vandredi, 50 lòt nan dimanch).

Anpil nan viktim m yo, se moun ki notab e respektab nan zòn nan, selon òganizasyon an ki souliye timoun ki te malad la mouri malgre tou.

Yon lòt bò, Volker Türk, ki se komisè Nazyonzini pou dwa moun, fè konnen 184 moun pèdi lavi yo nan Site solèy pandan week-end nan akoz vyolans gang yo.

Nan yon konferans pou laprès jodi lendi 9 desanm lan nan peyi Laswis, Volker Türk souliye « Nouvo zak asasinay sa yo ogmante kantite moun ki mouri an Ayiti a 5000 sitwayen pou ane 2024 la ».

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841