Sitiyasyon sekirite Ayiti a vin pi grav chak jou. Nan mitan vyolans gang yo, Misyon Multinasyonal Sipò Sekirite a (MSS), ki gen sipò Nasyonzini, te pote yon ti lespwa pou retabli yon minimòm lòd nan peyi a. Men, malgre entansyon ki te bon, misyon sa a tonbe nan pwòp limit li yo: yon mank finansman grav, ajan demotive, ak yon popilasyon ki rete pran nan soufrans.

Pwomès ki pa kenbe

20 polisye Kenyen ki deja remèt lèt demisyon yo montre pwoblèm nan klè. Polisye yo, ki di yo pa resevwa salè depi mwa septanm, ap fè fas ak kondisyon travay ki move anpil. Sitiyasyon sa a pa sèlman domaje moral ajan yo, men li mete an danje kapasite misyon an pou reyisi.

Deklarasyon chèf polis Kenya a, Douglas Kanja, ki di tout ajan yo te resevwa salè regilyèman rive oktòb, sanble plis yon fason pou kouvri pwoblèm yo pase pou rezoud yo. Kontrèman ak sa l di, ajan yo sou teren afime yon lòt reyalite ki montre yon mank transparans nan direksyon misyon an.

Yon misyon ki bloke akòz mank resous

MSS la te pwomèt yon fòs 2,500 moun, men jiska kounye a, li lwen objektif sa a. Mank polisye ak resous finansye gravman afekte kapasite misyon an pou konfwonte pwoblèm gang yo, ki kontinye kreye laterè nan chak kwen peyi a.

Sitiyasyon an montre yon gwo pwoblèm nan angajman kominote entènasyonal la. Lè se pou Ayiti, kote kriz la parèt twò lwen oswa twò « lokal », mond lan parèt dezangaje, kite peyi a fè fas ak pwòp li tèt li san sipò reyèl.

Konsekans pou Ayiti

Pou pèp ayisyen an, echèk MSS la se yon trajedi ki ajoute sou yon lavi ki deja difisil. Enkapasite misyon an pou opere byen se yon prèv ke Ayiti rete izole nan mitan mond lan.

Si ajan entènasyonal yo menm pa ka jwenn kondisyon travay desan, ki espwa pèp ayisyen an ka genyen pou jwenn sekirite oswa jistis?

Epitou, si MSS la echwe, sa pral voye yon move mesaj bay lòt peyi ak òganizasyon yo ki ka ta vle ede Ayiti. Sa ka vin pi fè peyi a pèdi kredibilite nan zye kominote entènasyonal la.

Yon bezwen pou refòm

Misyon an bezwen yon revizyon rapid ak pwofon. Nasyonzini ak peyi ki enplike yo dwe:

  1. Asire finansman regilye, pou polisye yo ka resevwa salè yo nan tan ak jwenn kondisyon travay pi bon.
  2. Revizite estrateji misyon an, pou asire objektif yo al kole ak kapasite reyèl fòs yo.
  3. Amelyore transparans, ak kreye pi bon kominikasyon ant chèf misyon an ak ajan yo.
  4. Angaje plis patnè entènasyonal, paske kriz Ayiti a se yon kesyon mondyal, e li mande angajman tout moun.

Yon apèl pou aksyon

Ayiti pa ka sipòte yon lòt echèk. MSS la rete youn nan dènye mwayen ki ka ede konbat vyolans gang yo e retabli yon minimòm estabilite. Men, san refòm ak angajman solid, misyon an kondane pou l echwe.

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire