Nan mond lan jodi a, depans militè yo ap monte tankou yon souflèt. Gwo pouvwa mondyal yo pa sispann envesti nan zam sofistike, dron, misil, ak lòt ekipman destriksyon masiv. Dapre dènye estimasyon yo, depans militè mondyal yo depase 2.24 milya dola ameriken pa ane. Sa vle di plis pase 6 milya dola pa jou ale nan fabrikasyon ak achte zam, pandan gen nasyon ki pa menm gen yon bidjè anyèl ki depase sa.
Egzanp frapan:
Etazini: Chak ane, Etazini depanse plis pase 800 milya dola pou defans li. Sa a se plis pase kantite lajan plizyè peyi Afriken ak Karayibyen ansanm.
Larisi ak Ikrèn: Konfli ki genyen ant Larisi ak Ikrèn koute plizyè dizèn milya dola pa mwa, san konte pèt lavi moun ak destriksyon enfrastrikti.
Peyi grangou yo: Nan lòt bò monn nan, Yemen, Haiti, Somali, ak anpil lòt peyi ap fè fas ak yon kriz imanitè grav. an Ayiti, plis pase 4.5 milyon moun ap viv nan ensekirite alimantè. Yemèn, depi plizyè ane, ap sibi yon blokis kote timoun mouri ak vant gonfle akoz grangou.
Yon mond enjis
Kontrèman ak depans militè yo, fon yo alwe pou konbat grangou ak povrete rete minim. Rapò Nasyonzini montre ke yon ti fraksyon nan depans militè mondyal yo te ka fini ak grangou nan lemond. Si sèlman 5% nan bidjè militè yo te alwe nan pwogram sekirite alimantè, anpil vi te ka sove.
Kesyon fondamantal
Ki valè yon mond ki ka defann tèt li kont yon lènmi envizib pandan li kite sitwayen li yo mouri nan mizè? Eske li lojik pou yon peyi posede misil nikleyè pandan timoun li yo ap dòmi san manje? Sa nou bezwen, se pa plis zam, men plis solidarite. Nou bezwen gouvènman yo re-evalye priyorite yo. Se pa destriksyon ki dwe vize, men konstriksyon yon mond jis kote tout moun gen aksè a manje, dlo, ak lasante.
Se moman pou mond lan repanse fason li depanse resous yo. Nou dwe sispann finansye lagè epi mete aksan sou lavi moun. Lavi chak moun konte, e pi gwo batay nou ta dwe genyen, se batay kont grangou, povrete, ak enjistis sosyal.
Se ak yon angajman kolektif, yon chanjman nan konsyans, ke nou ka fè mond sa yon kote ki pi bon pou tout moun. Ann goumen pou lapè, pa pou lagè.
Jean Launy AVRIL, editoryali Centre à la Une