Yon memo gouvènman Etazini an ekri ajans nouvèl Reuters wè, mande pou reprann jefò asistans Ameriken pou kontrekare maladi tankou malarya, sove lavi tibebe ki fèk pran nesans, epi prevansyon malnitrisyon.

Memo a di: « aktivite sa yo pou sove lavi moun dwe reprann oswa kontinye nan pwochen 30 jou nan kad poz 90 jou asistans etranje a pou anpeche moun ki benefisye asistans USAID yo mouri nan jou kap vini yo. »

Prezidan Donald Trump te pran mezi pou jele asistans entènasyonal Etazini pandan 90 jou ann atandan yo revize ki kote peyi a ap depanse lajan li.

Sekretè d Eta Marco Rubio te akode eksepsyon semèn pase a epi klarifye ke jefò ki « sove lavi moun » pa afekte pandan peryòd sa a men oganizasyon ki jere pwogram sa yo toujou pa finn konprann kisa ki fè pati eksepsyon sa a.

Memo a mande klarifikasyon sou ki pwogram ki ka rekòmanse fonksyone.

N ap raple, yon jij federal deklare, li bloke desizyon Administrasyon Donald Trump la te pran, pou mete plis pase 2 200 anplwaye USAID ozetazini an konje peye, Carl Nichols nan district Columbia, se yon jij Prezidan Trump te nome an 2019 di nan tribinal jodia li bay yon òdonans restriktiv tanporè ki pral anpeche administrasyon Donald Trump la mete 2200 anplwaye sa yo an konje, li di tou li pral deside si 500 anplwaye ki te deja an konje kapab re-entegre travay yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841