Nan yon kominike pou laprès ki date 16 fevriye 2025 lan, Laprezidans esplike atak bandi yo sou baz Teleco a nan mòn Tranchan se yon zak lach ki pa dwe aksepte.

Laprezidans di tou li kondane ak fòs li atak sila a ki fèt kont sòlda « Forces Armées d’Haïti » (FADH) yo ki t ap siveye baz sa a.

Li pèsiste pou l di Leta p ap fè bak devan okenn menas ki kapab menase souverènte nasyonal la ak sekirite sitwayen yo.

Laprezidans fè konnen tou li koube l byen ba devan fanmi viktim Petit’homme Charles Benictor, yon sòlda FADH ki pèdi lavi l pandan atak sa a gang yo te fè dimanch 16 fevriye a nan maten.

N ap siyale, tousuit aprè yon polisye UTAG fin resevwa yon bal nan kou anba men bandi yo lendi 17 fevriye 2025 la pandan yon operasyon fòs lòd yo kontinye ap mennen nan komin Kenskòf, malerezman polisye a mouri malgre yo te gentan kouri ak li lopital.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841