Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon a Leslie Voltaire, retounen Ayiti vandredi 31 janvye 2025 la aprè vwayaj ofisyèl li an Ewòp, patikilyèman nan peyi Itali ak Lafrans.
Prezidan Voltaire te adrese l ak laprès pou fè bilan vwayaj li ki te kòmanse depi 25 janvye pase a nan peyi Itali, kote li te chita pale ak Pap Franswa sou pwogram tranzisyon an, epi yon pwobab konferans entènasyonal sou solidarite ak Ayiti.
Li te tou pwofite konfime òganizasyon referandòm nan peyi a k ap gen pou fèt nan mwa me 2025 la ak premye tou eleksyon jeneral yo k ap fèt nan mwa novanm menm ane 2025 la.
Li te rankontre Sekretè deta Vatikan an ak yon ONG legliz katolik sou kesyon ensekirite ak grangou nan peyi a. Prezidan an te tou pwofite de vizit la pou plase yon imaj Nòtredam Pèpetyèl Sekou li kwè ki se patwòn Ayiti, nan jaden Vatikan. Nan priyè li te fè, li te tou mande Vyèj la pou ede peyi a jwenn delivrans li anba men gang ak zam yo.
Nan peyi Lafrans, prezidan Voltaire te rankontre Prezidan Emmanuel Macron. Yo te pale sou kesyon ensekirite, èd imanitè ak transfòmasyon fòs miltinasyonal la an misyon pou lapè. Prezidan fransè a te tou pwofite pale de kesyon dèt Endepandans lan, reparasyon ak restitisyon. Li pwomèt pou l pale ankò sou kesyon sa a nan dat 17 avril 2025 la k ap make 200 lane depi Wa Chal X te deside fè Ayiti peye yon gwo sòm (150 000 000 fran-ò pou li ka rekonèt Endepandans peyi a.
Prezidan KPT a te rankontre lòt pèsonalite enpòtan tankou Jean-Luc Mélenchon ak Jean-Marc Ayrault sou kesyon reparasyon ak restitisyon an. Li te chita pale tou ak Sekretè jeneral Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni an. Òganizasyon an pwomèt li pral ede peyi a anpil nan kesyon medya sitou nan restriktirasyon Televizyon Nasyonal Ayiti.
Prezidan Voltaire te rankontre ak reprezantan Fon Entènasyonal Nasyonzini pou Devlopman Agrikòl yo tou. Li te vizite anbasad Ayiti nan vil Wòm ak Vatikan. Li te dyaloge ak anbasadè Ayiti a epi kominote ayisyèn nan an Frans.
Nan fen entèvansyon li a, li fè konnen vizit li nan peyi Lafrans lan make yon gwo pa nan kesyon dèt Endepandans lan. Li deklare Prezidan Jean-Bertrand Aristide te fè yon pa nan lane 2003, li fenk fè yon lòt epi l konte sou pwochen Prezidan KPT a Fritz Alphonse Jean pou ensiste sou yon lòt pa pou jiskaske Ayiti jwenn sa li bezwen an.
Finalman, prezidan Voltaire raple KPT a ap remèt pouvwa a 7 fevriye 2026 bay yon prezidan eli Pèp Ayisyen an ap chwazi nan eleksyon novanm 2025 ak janvye 2026 yo.
Anpil moun mande a kisa konkrètman vwayaj sa yo ap abouti, epi nan ki peyi eleksyon Voltaire anonse yo pral fèt parapò ak pwoblèm ensekirite a peyi a ap fè fas ?
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE