Pòtpawòl Nasyonzini, Stephane Dujarric deklare Madi 4 fevriye 2025 lan, Etazini sispann èd lajan li pou fòs sekirite miltinasyonal pou Ayiti a.
Dujarric di: « Nan sa ki konsène Ayiti, nou resevwa yon notifikasyon ofisyèl ke Etazini voye ba nou ki mande pou sispann antant travay sou kontribisyon yo pou fòs sekirite miltinasyonal la. »
Lè jounalis yo mande ki lòt detay li genyen sou sa, Dujarric te fè konnen ke Etazini te pwomèt $15 milyon pou Trust Fund la. Gen $1,7 milyon ki deja finn depanse. Gen $13,3 milyon ki bloke kounyea.
Jounalis yo mande si LONU pral oblije remèt Etazini lajan sa a.
Dujarric reponn: « Non, pou kounyea, li sèlman konjele. »
Depatman d Eta te pase lòd 24 Janvye pou « kanpe travay » sou tout asistans etranje Ameriken, epi sispann debousman nouvo asistans. Mezi a te vini apre Prezidan Donald Trump te pase lòd pou yo pran yon poz 90 jou pou revize si debousman asistans etranje Etazini ann akò ak politik « Amerik an Premye » li a.
Nan mwad Mas 2024, Sekretè d Eta Antony Blinken te anonse Etazini tap kontribye $100 milyon pou apiye fòs sekirite miltinasyonal Kenya ap dirije, e ki gen kòm bi pou ede polis nasyonal Ayiti konbat zak vyolans gang yo.
Nan mwad Fevriye 2023, Etazini te pwomèt pou l kontribye $200 milyon pou MSS la.
Aktyèlman, gang ame yo kontwole 85% Potoprens, dapre done Polis Nasyonal Ayiti (PNH) pibliye.