Enfòmasyon Centre à la UNE dispoze fè konnen byento Enjenyè Théophil Ostinvil pral nouvo DG DINEPA. Enjenyè Ostinvil gen yon Mastè entènasyonal nan enjenyeri dlo nan vil, yon espesyalizasyon nan jesyon dlo ak asenisman, yon espesyalizasyon nan gouvènans asenisman nan vil. Li gen 14 lane eksperyans avèk 11 lane konsakre nan sèvis dlo Ayiti. Li Etidye ann Ayiti, an Frans, Kiba ak an Espay.
Li gen 3 spesializasyon pami yo; spesializasyon nan gesyon entegral dlo ak asenisman, sepsializasyon nan gesyon rezo ak asenisman, spesializasyon nan gouvènans nan milye asenisman iben
Kòm eksperyans travay, Théophil Ostinvil te travay kòm direktè Ofis Rejyonal Dlo Potab ak Asenisman pòtab ak asenisman Sant ( OREPA-CENTRE) nan lane 2020 pou rive 2023, lite kowòdonatè pwojè idwolik ak asinisman pou Direksyon Nasyonal Dlo ak Asenisman Ayiti (DINEPA) nan lane 2018 pou rive 2020, nan lane 2014 pou rive mas 2018 li te enjenyè atache nan direksyon asenisman, anplis li se antreprenè.
Ostinvil pral ranplase nan pòs Mesye Guito Edouard ki te la depi yon bon bout tan nan djòb la.