Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon nòt ki date 13 fevriye 2025 lan, envite tout direktè lekòl, piblik tankou prive, ranpli fòmalite sa yo nan lide pou finalize enskripsyon kandida yo pou egzamen 9èm ane fondamantal yo.

Konsa, tout direktè lekòl dwe pran dispozisyon sa yo :

  1. Peye frè enskripsyon pou chak elèv ki pral nan egzamen 9èm AF. Montan an se 1.500 goud pou chak kandida ;
  2. Pote fich pèyman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou l ka otorize lekòl la finalize enskripsyon pou kantite kandida li peye pou yo a ;
  3. Valide, an liy, sou platfòm ministè a, kandida li peye pou yo a, nan lis fòmasyon klas 9èm ane ki pral nan egzamen ofisyèl yo ;

4- Soti 17 fevriye pou rive 30 avril 2025, se peryòd MENFP fikse pou dewoulman enskripsyon kandida ki pral nan egzamen 9èm ane yo.

Kidonk, MENFP mande tout direktè lekòl ki konsène, pou pran tout dispozisyon prese prese pou ranpli fòmalite sa yo nan tèt kole ak Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841