Gwoup nèg ak zam ki fè pati de kowalisyon « Viv ansanm », mete dife, ayè jedi 13 fevriye 2025 lan, nan Lopital inivèsite Leta Ayiti a, ki se pi gwo sant ki bay swen sante nan tout peyi a.

Videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo montre yon pati nan lopital la, tout moun konnen sou non Lopital jeneral, anba dife.

Pou kounya, yo paka evalye kantite dega dife a fè.

Aksyon sa rive anviwon 2 mwa apre gwoup nèg ak zam te vide katouch sou Lopital jeneral, touye 2 jounalis epi blese 4 lòt.

Lopital jeneral chita kòl nan ri Monseyè Giyou, yon zòn ki pratikman abandone akoz aktive gang yo nan kapital la.

N ap raple, gwoup gang yo te piye epi mete dife nan lopital Bernard Mevs nan mwa desanm 2024 la

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841