Daprè sa òganizasyon Save the children rapòte nan yon nòt ki ki dat madi 11 fevriye 2025 la, gwoup nèg ak zam touye ak blese 289 timoun pou ane 2024 la.

Òganizasyon an presize ak yon chif konsa se 24 timoun ki te mouri ak blese chak mwa. Sa ki vin fè ane 2024 la se te ane ki te pi malouk pou timoun yo.

Kantite nan yo ki te viktim ensekirite a te konnen yon ogmantasyon 68% konpare ak ane 2023 a.

Save the Children soulinye tou yo te touye 184 timoun pami yo 61 tifi. Yo te blese 105 timoun; 30 ladan yo se te tifi.

Li eksplike pifò timoun sa yo, 75 nan yo, te pèdi lavi yo soti oktòb pou rive desanm 2024, epi 27 nan timoun ki mouri pandan menm peryòd sila a, se timoun gang yo te rekrite.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841