Nan dènye konsèy minis ki fèt mèkredi 12 Fevriye 2024 la, gouvènman ayisyen an fè divès nominasyon nan administrasyon piblik la, pou pèmèt bwat Leta yo « mache byen »

Nan yon kominike pou laprès, primati anonse, jodi jedi a, plizyè nouvo direktè general nan tèt diferan enstitisyon leta yo an Ayiti.

Pami nouvo nominasyon an, gouvènman an mete yon nouvo direktè nan tèt DINEPA, FAES, FNE, OAVCT, ONA, CONATEL OFATMA…

Théophil Ostinvil pran tèt DINEPA.

Pierre Jean Raymond Andre pran tèt OAVCT, tandiske Sterline Civil pran direksyon FNE.

Bò kote pa l, Serge Colin pral dirije FAES, tandiske Ronald Brazil nome direktè jeneral ONA

Pou sa ki gen pou wè ak Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH) e Radyo Nasyonal Ayiti (RNH), gouvènman an nonmen yon komisyon pou evalye aktivite medya a

Men lis konplè non nouvo direktè ak direktris nan administrasyon piblik la:

Pierre Jean Raymond André, direktè jeneral OAVCT

Vickerson Garnier, direktè jeneral OFATMA

Sterline Civil, direktris jeneral FNE

Serge Colin, directeur jeneral FAES

Ronald Bazile, direktè jeneral ONA

Yves Ducarmel, direktè jeneral AAN

Réginald Gignac, direktè jeneral OFNAC).

Pierre A. Dumbar, inspektè jeneral anbasad ak konsila yo

Fritz Longchamps, anbasadè Ayiti nan Repiblik Domininikèn

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841