Kèk jou aprè Emmanuel Macron te fè konnen Larisi pa sèlman yon menas pou Ikrèn se menas pou tout kontinan ewòp la, Prezidan Larisi a deside lanse yon misil balistik ki pote non santan 2 ou byen sarmat ki peze 200 tòn, ki gen yon kapsite de pwent 7km pa segond epi pou montre lemond kapsite militè peyi li a genyen

Selon ekspè yo, misil balistik sa kapab raze yon gwo teritwa pa egzanp peyi Lafrans ki gen sipè fisi li 632 733,9 km² kise pi gwo etandi nan kontinan ewòp la si misil sa ta tire nan kapital peyi Risi a kise (Moskou) li ka rive pari nan 6 minit

Prezidan Poutine aprè lansman satan 2 te eksprime l konsa: « Se yon zam e ki inik ki pra l ranfòse potansyèl militè nou, zam sa ap fè tout moun ki ta gen lide atake nou reflechi 2 fwa avan. »

N ap raple peyi larisi ki toujou ap fè entèvansyon militè nan peyi Ikrèn pa sispann kreye gwo panik ak kè sote sou potansyèl zam li genyen.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la Une .