Yon analiz kritik sou 38 lane echèk ak espwa trayi
Yon espwa ki te fèt nan dife
29 mas 1987 make yon dat istorik kote pèp Ayisyen an te chwazi leve tèt li aprè plizyè dizèn lane anba diktati. Se te yon moman kote tout peyi a te mete espwa li nan yon nouvo Konstitisyon ki te sipoze tabli baz yon Leta demokratik, mete fen nan zak abitrè, e garanti dwa ak libète pou chak sitwayen. Konstitisyon sa a te tounen senbòl lit kont enjisitis, ak lanvè pouvwa san limit ki te karakterize rejim Duvalier yo.
Yon dokiman ki sou papye, men pa janm viv nan reyalite
38 lane aprè adopsyon Konstitisyon an, reyalite Ayiti montre yon echèk total nan aplikasyon li. Pandan tèks la egziste, li pa janm respekte ni pa otorite yo, ni pa aktè politik yo. Lwa yo pa aplike, dwa yo pa garanti, e enstitisyon ki te dwe kontwole pouvwa yo pa fonksyone oswa kontwole pa pouvwa an plas. Separasyon pouvwa tounen yon teyori vid, paske tout bagay ale sou yon ti gwoup ki gen lajan ak enfliyans.
Polis, jistis, eleksyon : tout echwe
Polis Nasyonal la, ki te kreye pou ranplase Lame represif la, pa janm jwenn mwayen pou asire sekirite popilasyon an. Jodi a, li depase pa gang ame, li manke resous, e li souvan enplike nan zak vyolans oswa patipri. Konsèy Elektoral yo, ke Konstitisyon an te prevwa kòm enstitisyon endepandan, tounen zouti politik pou mete moun sou pouvwa olye yo sèvi demokrasi. Eleksyon vin tounen machandiz, kote pèp la pa gen dènye mo.
Yon lit pou dwa ki toujou san rezilta
Konstitisyon 1987 la te mete anpil aksan sou dwa fondamantal : dwa edikasyon, dwa lasante, dwa travay, dwa pou viv san pè. Sepandan, majorite pèp la kontinye ap viv anba limit lavi a. Lekòl pa fonksyone, lopital tounen simityè, chomaj ap vale tèren, e pèp la pè chak jou pou l pa tounen kadav sou beton frèt. Libète tounen yon sen, men pèp la pa janm viv li vre.
Chanjman Konstitisyon : vre solisyon oswa distraksyon ?
Nan kontèks kriz politik ki pèsistan, plizyè sektè ap pale de bezwen pou mete yon nouvo Konstitisyon. Men kesyon ki poze se : èske se vrèman Konstitisyon an ki pa bon, oswa se move volonte aktè yo ki anpeche l fonksyone ? Ayiti pa soufri mank dokiman legal — li soufri mank de moun ki respekte lalwa. San chanjman mantalite ak kouraj politik, nenpòt nouvo tèks ap gen menm sò ak sa 1987 la : li pral pran pousyè.
Tan pou aksyon, pa pou diskou
Si Konstitisyon 1987 la tounen yon senbòl demokrasi trayi, se pa li ki dwe jete — se sistèm nan ki dwe korije. Se pa yon lòt paj blan nou bezwen, se lidè ki gen vizyon, pèp ki mobilize, ak jistis ki mache. Ayiti pa ka kontinye viv ak bèl pawòl sou papye pandan reyalite a se krim, grangou, ak dezespwa. Se tan pou mete aksyon kote pawòl echwe. Sinon, listwa ap kontinye ekri non nou kòm pèp ki te gen tout zouti pou chanje, men ki pa janm chita pou bati.
Jean Launy AVRIL
Centre à la Une