Mibalè, ou pa jis yon vil, pou sa pote nan listwa w, ou se batman kè Plato Santral la. Men depi uit jou, kè sa a pa bat menm jan ankò. Dife boule l, bal chire l, krim peze l. Solèy pa vle gade sou ou ankò, li kache tankou li wont wè doulè ou. Mibalè tounen lonbraj tèt li, tankou yon nonm k ap mache san nanm, je vid, lespwa fann.

Nan bon tan, ou te konn leve ak chalè pèp ou. Machann t ap reye sou mache, ti elèv t ap kouri dèyè bis lekòl, agrikiltè t ap chante anba limyè dou douvanjou. Koulye a, silans la pale pi fò pase janm te ye avan. Sa ou tande se pa bridsoukou lanati, men kè sote, bri zam, epi plenyen timoun san manman, san papa, k ap chèche kote pou mete tèt yo.

Gang desann sou ou tankou marekaj. Yo pa t mande w pèmisyon pou antre yo tounen mèt site Benwa Batravil la, mèt lari a, mèt lavi w. Yo boule lakay, kase lekòl, mete dife sou listwa ou. Moun ki te konn kwè nan demen, kounye a ap kouri san sapat, san direksyon.

Gouvènman? Leta? Se pawòl ou tande sou radyo, men se pa reyalite w viv. Mibalè san gouvènman, san pwoteksyon. Mibalè bliye, Mibalè lage, sosyete sivil la ta gen tout volonte , men elas pa gen jarèt. Men, èske nou se pitit madichon? Èske nou fèt pou nou mouri an silans konsa?

Non! Nou se timoun tanbou, timoun sous dlo, timoun flanm ki pa janm etenn. Mibalè se flanm nan,li ka soufle, men li pa mouri. Nou leve pou di: Ase se ase! Nou pa vle mouri ankò! Nou pa vle kouri chak jou! Nou pa vle viv tankou bèt!

Nou vle retounen nan Mibalè limyè a, kote nèg ak fanm te kanpe dwat, kote pawòl te gen pwa, kote lavi te gen sans. Mibalè pa dwe tounen simityè rèv. Mibalè se lavi, Mibalè se demen.

Kwonik ekri pa:
Jean Launy, Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar