Jodi a fè uit jou depi lanwit desann sou Sodo, se pa avèk zetwal, men ak pousyè dife ak lafimen. Nou pa konnen si se peche nou n ap peye, men sèl sa nou konnen, se ke solèy la boude nou depi plis pase yon semèn. Li vire do ba nou, li pa leve sou tèt nou ankò. Se pa pwezi ki ap chante, ni se pa melodi ki ap woule sou tenpan nou, se reyalite k ap pilonnen rèv nou, tout bon vre.
Nan tan lontan, nou te konn leve ak douvanjou ki pote vwa kòk ak rèl bèf nan mitan jaden nou kap anonse bote jounen . Cheval k ap file nan savann nou yo , ak chalè solèy ki te toujou dispoze leve byen dou pou l bo figi Sodo. Kounyeya, se eko zam ak kri timoun, jènn ak granmoun k ap dechire toutan . Son ki te konn bèl tankou mizik klasik vin tounen melodi trajedi. Sodo pa chante ankò, li plenn.
Poutan, nou pa manje pwa, nou pa janm goute siwo, men se nou k ap soufri dyare sa a. Nèg yo tonbe sou nou tankou lanmè san fren: yo boule, yo tire, yo kraze, yo efase tout sa ki te bèl. Lekòl vin tounen sann, liv tounen papye mouri. Timoun ki te konn pote kè kontan nan lari tout pran mòn tankou nèg mawon yo te konn fè l . Fanm ansent kouri, granmoun ap sote rava, tout moun ap chache vi, pa pou viv, men pou pa mouri.
Nou vin tounen pèlen san sòti, vin chita sou valiz lanmò. Sodo, ti vil bonè ki te konn pote pèlerinaj ak espwa, vin tounen simityè, kote dòmi pa vin vizite ankò. Pa gen dirijan, pa gen gouvènman, pa gen je pou nou wè ni zòrèy pou tande. Se tankou Bondye menm lage nou, oswa li voye chay li twò lou sou zepòl nou.
Ase se ase! Nou pa mande twòp: nou vle viv, nou vle respire, nou vle leve ankò. Sodo se pa sèl priyè ak rit, se lavi, se mistè, se pèp. Nou di ase pou dife, ase pou kouri, ase pou kè kase. Sodo merite lapè. Nou tout, nou merite limyè.
Jean Launy , centre à la Une