Nan yon tèks li pibliye jedi 10 avril 2025 la sou prezans 2 chèf gang Viv Ansanm yo (Lanmò San Jou ak Jeff Gwo Lwa) ekriven Ayisyen Gary Victor adrese li ak tout manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak chèf gouvènman an Alix Didier Fils-Aimé. Yon ton revòltan epi serye, Gary adrese li ak tout responsab yo ann AYITI.
« Mwen apenn sot wè yon videyo chèf gang k ap mache nan Mibalè.Nou vrèman gen dwa di moun KPT sa yo, Premye Minis aktyèl la, ak responsab PNH yo se yon pakèt moun ki pèdi oswa ki vann.
Si yo pa ni youn, ni lòt, yo tout ansanm t ap demisyone aprè aksyon sa ki fin pase Mibalè a.
Sa ki pi dwòl la se lèt Premye Minis la ki eksprime senpati pou evènman ki pase nan yon nayklib Dominikèn, pandan pa t gen yon mo pou Mibalè. Se tèlman nil epi ba, sa pouse mwen prefere kwè se yon lèt li a pa yon verite. Di mwen se yon fo lèt. Sinon, peyi sa a vrèman pwodwi kansè, ki gen yon mechanste moun pa ka kwè.
Kansè yo toujou sou pouvwa a ! Jodi a, yo se yon pil rayisab ki pa janm satisfè. Rayisab yo nan aboutisman betiz y ap fè yo. Peyi nou an ap rete yon ka lekòl.
Zanmi m Didier, kèlkeswa kote l ye a dwe genyen dlo nan je li.» Se konsa Gary konkli tèks la.
Gary Victor !