Gen kèk verite ki pi lou pase chay. Gen kèk silans ki pi mechan pase kout zam. Sa k ap pase an Ayiti depi kèk tan pa ka eksplike ak analiz politik sèlman, li bezwen pawòl dwòl, li bezwen koudjay vwa ki pa pè, pou nou mete limyè sou sa k ap fèt.

Leta Ayisyen fèmen je l sou tout masak k ap fèt sou popilasyon li. Se pa eksajerasyon, se pa emosyon se reyalite. Gade Mibalè, Sodo, Site Solèy, Delma, Kafou, Gresye, Gran Ravin… kote gang fin tabli gouvènman pa yo. Moun ap boule, timoun ap disparèt, fanm ap vyole, kay ap boule. Epi pa gen yon deklarasyon ofisyèl, pa gen aksyon klè, pa gen konpasyon.

Men, etone w pa etone: kite se yon ti tansyon rive lakay vwazen, tanpri! Repiblik Dominikèn pa bezwen rele de fwa. Dirijan nou yo mete soulye, mete rad, fè deklarasyon, voye mesaj solidarite. Yon chèn mal dòmi bò kote Dominikani, se nou k ap leve vwa pou mande “kalmi”.

Men e Ayisyen yo?
Ki kote solèy la ye pou yo?
Ki kote solidarite leta a ye pou pitit peyi li yo?
Poukisa se sèlman dlo lakay lòt ki vo siye, pandan san Ayisyen ap koule chak jou sou tè pa yo?

Epi, pi gwo ironi a: gade kijan Dominikani ap trete Ayisyen!
Yo masakre yo sou fwontyè;
— Yo fèmen lopital pou fanm ansent pa akouche;
— Yo kraze barak Ayisyen ap viv;
— Yo tòtire jèn gason sou pawòl rasis;
— Yo mete Ayisyen deyò pa bann e pa pakèt, san respè pou okenn dwa moun.

E, pami tout sa, dirijan pa nou yo toujou ap chache ‘byenvwe’! Tankou nèg k ap bat bravo pandan lòt moun ap vole tèt pitit li.

Nou poko janm tande Prezidan Dominiken fè ekskiz pou sa yo fè Ayisyen yo. Nou poko janm wè reyinyon djanm kote Ayiti kanpe di ASE!, kote Ayiti mande respè.

Lè sa rive, n ap konprann sa: n ap viv ak dirijan ki pè plis gen pwoblèm ak zanmi etranje, pase defann dwa pitit peyi yo.

Kote fyète nou? Kote diyite nou?
Kote lidèchip nou?

Yon chèn pa ka pi enpòtan pase yon kadav. Yon je pa ka kouri dlo pou etranje, epi rete sèk pou frè ou.

Se pa chita ap pale pou Dominikani nou bezwen, se leve kanpe pou Ayiti. Se pa ‘bon jan relasyon diplomatik’ ki va sove nou, se respekt tèt nou, respekt dwa nou, ak volonte pou mete Ayisyen an premye.

Pèp la pa bezwen solidarite plastik, li bezwen aksyon konkrè.

Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une

AyitiPremye #RespèPouNou #SanNouPiLourPaseDloLòt #NouPaAvègAnko

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar