17 Avril 2025 sa a, make 200 lane depi Ayiti te kòmanse peye sa listwa rele “dèt endepandans lan oubyen odònans Charles X” bay ansyen pisans kolonialis li, peyi Lafrans. Se te yon peye lò, san ak sètifika lespwa, pou yon libète ki te deja rache sou batay e ki pa t dwe pri. Se tankou esklav la fin achte libète li ak zèpòl li, epi apre sa, li oblije peye mèt li pou tèt li pa mèt pa l. Ayiti te premye repiblik nwa endepandan nan mond lan men libète li te peye a tounen chenn ekonomik ki mare l jouk jounen jodi a.

Nan plas inivèsite, nou te peye zam; nan plas wout, nou te peye ranvwa; nan plas devlopman, nou te peye tèt bese. Dèt sa a, ki te kòmanse sou presyon kanon franse an 1825 anba lòd wa Charles X, t ap rive koute Ayiti plis pase 150 milyon fran lò, yon fado ki t ap dire plis pase 120 ane e ki gen repons li chak jou nou leve nan labou ak mizè.

Sa pa te jis yon tranzaksyon finansye. Se te yon atak sou lavni. Jan istorisyen Laurent Dubois ekri nan Haiti: The Aftershocks of History, lajan sa a te kapab konstwi inivèsite, lopital, wout, bibliyotèk, endistri, e mete Ayiti sou chimen vre endepandans ekonomik. Men olye de sa, li te fòse peyi a antre nan yon sèk visye prè sou prè, dèt sou dèt, k ap finanse depandans pito pase devlopman.

Peyi a pa janm refè. Jodi a, Ayiti se reflesyon dèt sa a : yon sistèm lekòl ki toujou ap bat bravo pou fon NGO; sistèm sante ki depann sou etranje; wout kraze; sekirite an derout; demokrasi ranvèse. Mizè a pa t fèt sou boul tèt li, li soti nan pilay istorik kote dwa natirèl Ayiti te negosye anba presyon zam ak diplomasi rasis.

Atravè analiz Michel-Rolph Trouillot nan Silencing the Past, nou konprann kijan sistèm mondyal la te bati sou fèmen bouch Ayiti sou doulè li. Libète Ayiti te bay limanite pa te janm rekonèt tankou li te ye li te rann li tounen yon traka, yon modèl yo te oblije pini. Dèt la se te fòm pi sofistike kolonizasyon ekonomik la, mete pa ekriti, siyen pa enstitisyon entènasyonal, e konsakre pa silans politik.

Men èske istwa a fini la ? Nou ka sonje, men nou pa ka sispann reflechi. Se pa sèlman Lafrans ki dwe rekonèt dèt moral li. Se pèp Ayisyen an ki dwe reklame, ak fòs memwa li, ak pouvwa konsyans li, jistis pou jenerasyon ki pase e sa k ap vini. Rekonesans san reparasyon se imilyasyon. Jan Ta-Nehisi Coates te ekri nan The Case for Reparations, “ou pa ka mande yon pèp bliye san ou pa janm admèt ni repara sa ki te fèt kont li.”

Nouvo jenerasyon an dwe sezi flanbo a. Se pa pou n kontinye ap mache sou siman echèk yo, men pou n rekonstrui sou kadav chenn lan. Libète pa ta dwe gen pri men, si yo te mete pri sou li, se tan pou n reklame ranbousman. Se pa pou lage drapo memwa a nan pye istwa ki toujou ap repete tèt li.

Nou pa ka chanje 1825, men nou ka ekzije 2025 vin yon virechaj. Sa mande angajman, kouraj, ak volonte pou fè son verite a tande sou tout tribin.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une

Bibliyografi rekòmande pou refleksyon sou dèt endepandans lan :

  1. Laurent Dubois, Haiti: The Aftershocks of History
  2. Michel-Rolph Trouillot, Silencing the Past: Power and the Production of History
  3. Marlene Daut, Tropics of Haiti: Race and the Literary History of the Haitian Revolution in the Atlantic World
  4. Clairmont Antoine, La dette de l’indépendance d’Haïti envers la France
  5. Ta-Nehisi Coates, The Case for Reparations
  6. Béatrice Hibou, La Force de l’injuste : On a tous intérêt à la justice sociale
  7. Jean Casimir, une lecture décoloniale de l’histoire sociale d’Haïti

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar