Yon akò ki baze sou min ant Repiblik Demokratik Kongo ak Etazini kòmanse antre nan negosyasyon. Se pa yon kontra deja siyen, men li nan kad yon diskisyon, ki gen entansyon atire plis envestisman Ameriken nan sektè min Kongolè a, selon sa RFI pibliye ayè samdi 19 avril 2025 la.
Daprè administrasyon Trump la, pwojè sa a fè pati estrateji ekonomik li pou kontinan Afriken an. Objektif kontra sa a ant RDC ak Etazini, se pèmèt konpayi Ameriken yo envesti nan min Kongolè ak nan enfrastrikti nesesè yo tou, tankou wout, ray tren, baraj ak enèji.
Gouvènman ameriken an p ap jere min yo dirèkteman, men l ap fasilite envestisman atravè enstitisyon tankou DFC oswa EXIM Bank. Lèzetazini ensiste sou yon patenarya « genyen-genyen », respekte lwa lokal ak entènasyonal, sitou nan zafè anviwònman, travay ak batay kont koripsyon.
Lachin byen etabli nan RDC men, pwojè sa a vini nan yon kontèks patikilye. Lachin se jodi a pi gwo patnè komèsyal DRC. Li reprezante plis pase mwatye nan ekspòtasyon Kongo yo, ak prèske mwatye nan enpòtasyon yo. Li domine lajman sektè min la. Nan pwovens Nò ak Sid Kivu, konpayi Chinwa yo regilyèman akize tou de eksplwatasyon ilegal lò ak lòt mineral, souvan an koneksyon avèk rezo kontrebann.
Li rete pou nou wè ki jan Etazini pral entegre tèt li nan chan konplèks sa a, patikilyèman nan zòn ki pa gen aksè yo. Sou pwen sa a, Washington rete an sekrè.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE