Nan yon nòt Regwoupman Anseyan pou Defans e Refòm Sistèm Edikatif Ayisyen an (REDRESEH) pibliye dimanch 20 avril 2025 la, responsab yo di yo koube yo byen ba pou salye jefò tout anseyan nan plato santral presizeman sila yo ki nan komin SODO ak MIBALÈ ki nan yon sitiyasyon difisil.
Kowòdinasyon depatmantal sant lan salye nou, pandan l ap profite di nou soufri ak kouraj e detèminasyon, nou konnen anpil nan nou kite kay nou pou al pran refij swa kay yon fanmi oubyen zanmi, moman yo difisil kote profesè se yo ki pi maltrete nan peyi a pandan se yo menm ki motè peyi a.

Kòdinasyon depatmantal sant REDRESEH a mande ak tout fanmi patizan senpatizan pou gade respè ak chak grenn anseyan ki nan yon zòn, yon komin pou yo pran refij yo pou gade yo ak tout respè, nou mande otorite nasyonal depatmantal lokal yo pou yo sispann nan chire pit, pou panse ak yon lòt fòmil pou garanti chak sitwayen sitwayèn kapab rete lakay yo nan peyi a.
Nan menm okazyon sila, kowòdinasyon depatmantal sant REDRESEH a mande ak tout anseyan pou kenbe chèn mobilizasyon pou fòse leta, minis levasyon nasyonal la pwofesè Augustin Antoine, respekte tout akò li te siyen pou pèsonèl edikatif y, pandan revandikasyon an p ap chanje:
1) Ajisteman salè
2) Nominasyon anseyan kalifye k ap travay depi plis pase 7 lane nan sal klas
3) Repanse asirans OFATMA a
4) Kat debi 25 000 goud la.
Nou mande ou pa fè nou fache minis, paske depi nou fache, tèt nou rèd. Tankou pwovèb kreyòl la di li, labou nan pye pa bòt.
Wisnic Rondeau, kowòdonatè depatmantal SANT
Tels: (+509) 44674527/41485151