Nan tout sosyete ki konn travèse peryòd dezòd ak vyolans, istwa montre nou pa gen lapè san dyalòg, e pa gen sòti san analiz frèt ak rasyonèl. Jodi a, Ayiti pa sèlman ap viv yon kriz lokal, men yon kriz sistemik, nasyonal, kote gang ame ap kontwole kapital la, plizyè vil pwovens yo, tout aks wout estratejik yo, epi mete leta ak pèp la ajenou.

Depi plizyè mwa, sou tout teritwa a :Pòtoprens, Latibonit, Sant, Sidès, Nòdwès, nèg ak zam ap taye banda. Leta, ki ta sipoze garanti sekirite ak lavi, paralize, absan, trayi misyon li. Gang yo, de fason òganize, demontre yo pa sèlman gen zam, men yo gen kapasite mobilizasyon, kontwòl teritwa, ak estrikti desizyonèl. Se pa yon konplo. Se reyalite.

Nan mitan dezespwa sa a, kèk vwa leve timidman pou pale de dyalòg. Men jan repons lan sòti ak kòlè, ak mepri, ak moralizasyon montre klè jan sosyete nou an pè pou li panse , epi prefere anbake nan emosyon. Se ipokrizi k ap gide reyaksyon nou : n ap pè di sa ki lojik, paske n ap chache parèt bèl nan je emosyon kolektif la.

Pale de dyalòg ak gang pa vle di n ap onore zak kriminèl yo. Non. Se rekonèt ke lè zam fin chita tout kote, lè leta demisyone, sèl chimen ki rete se estrateji entelijan.
Èske sa fè nou vin trayi? Non. Okenn peyi serye pa kite santiman gide l lè lavi plizyè milyon moun an danje. Lasyans politik ak istwa diplomasi ak domèn sekirite montre sa klè :

Kolonbi negosye ak FARC pandan plizyè ane jiskaske yo rive sou yon akò lapè.

Irlande du Nord chita pale ak IRA epi jwenn akò Vandredi Sen an.

Lafrik di Sid negosye ak ansyen opresè yo pou mete fen nan apartheid san kou dlo san.

Kolonbi – Negosyasyon ak FARC

Konfli sa te kòmanse nan ane 1964, lè FARC (Fuerzas Armadas Revolucionarias de Colombia) te fonde kòm yon mouvman militè kominis, di li la pou defann peyizan kont enjustis agrè ak opresyon gouvènman an. Pendan plizyè dizèn lane, FARC t ap mennen yon lagè geriya kont gouvènman Kolonbyen an, ki te responsab pou plis pase 200,000 lanmò ak deplase plizyè milyon moun.

Negosyasyon yo te komanse ofisyèlman an 2012 nan La Havane (Kiba), sou egid Prezidan Juan Manuel Santos.
Akò lapè final la te siyen an 2016, kote FARC te dakò depoze zam yo an echanj pou entegrasyon politik, amnisti pou sèten krim, epi reparasyon pou viktim yo.
Malgre anpil rezistans politik ak kritik, sa te make yon premye pa enpòtan pou lapè, menm si jodi a, kèk gwoup disidan FARC toujou aktif.

Iland di Nò – Negosyasyon ak IRA

Konfli sa te rele « The Troubles » (Pwoblèm yo), e li te dire depi fen ane 1960 yo rive jiska 1998. Se te yon lagè politik ak relijye, kote gwoup katolik repibliken (tankou IRA – Irish Republican Army) t ap goumen pou mete fen nan dominasyon Britanik sou Iland di Nò, pandan majorite Pwotestan yo t ap defann rete ann Angletè.

Plis pase 3,500 moun te pèdi lavi yo nan konfli sa a.
Negosyasyon yo te komanse vre nan mitan ane 1990 yo, ak sipò Etazini, Iland, ak kèk fowòm diplomatik.
Yo debouche sou Good Friday Agreement (Akò Vandredi Sen) an 1998, ki etabli yon nouvo gouvènman pataje pouvwa ant katolik ak pwotestan, e mete fen ofisyèlman nan vyolans an mas.

Menm si tansyon politik egziste toujou, Akò sa a sove Iland di Nò anba yon sanzatann lagè sivil.

Lafrik di Sid–Negosyasyon ak gwoup rasis ak tranzisyon ant apartheid ak demokrasi

Apartheid te yon sistèm segregasyon rasyal ke gouvènman blan an te mete anplas depi 1948. Nwa, Endyen, ak moun metis te konsidere kòm sitwayen dezyèm klas, san dwa politik reyèl.

Dezyèm mwatye ane 1980 yo, presyon entènasyonal, rezistans anndan peyi a, ak kriz ekonomik te fòse gouvènman an (ki te mennen pa F.W. de Klerk) negosye ak ANC (African National Congress) ak lòt mouvman revolisyonè.
Nelson Mandela, aprè 27 lane nan prizon, libere an 1990, vin lidè negosyasyon sa yo.

An 1994, premye eleksyon lib yo fèt, kote Mandela vin premye prezidan nwa Lafrik di Sid. Tranzisyon an pa t fèt san difikilte, men se gras ak dyalòg ant ansyen opresè ak viktim ke lagè sivil te evite.

Kongo – Konfli aktyèl

Repiblik Demokratik Kongo ap sibi youn nan kriz imanitè ki pi grav sou latè depi fen ane 1990 yo. Aprè asasina Mobutu Sese Seko (ansyen diktatè), plizyè mouvman rebèl, lame etranje, ak gwoup zam lokal ap goumen pou kontwòl sou richès natirèl peyi a (sitou kobalt, koltan, lò).

Konfli aktyèl sa konsantre plis sou rejyon Kivu (Nòdès peyi a), kote gwoup rebèl tankou M23, ADF, ak lòt milis etnik ap mennen atak kont popilasyon sivil la.
Malgre plizyè tantativ negosyasyon ak misyon Nasyonzini tankou MONUSCO, vyolans la kontinye, ak plizyè milyon moun deplase ak dè santèn milye moun ki viktim masak.

Gen akizasyon ke plizyè peyi vwazen (tankou Rwanda ak Uganda) sipòte gwoup rebèl sa yo pou benefisye nan min ak richès natirèl Kongo.

Kilè, kidonk, Ayiti ap sispann panse ke dyalòg se feblès?
Nou rayi gang, sa lejitim. Men rayi pa sifi pou konstwi solisyon. Emosyon pa konstwi lapè.
Lapè mande taktik, kouraj, e kapasite pou gade lènmi an je, epi sèvi ak entèlijans pou fè l repliye.

Dyalòg pa vle di nou lage pouvwa. Dyalòg pa vle di nou dakò ak mechanste.
Dyalòg se di:
“An n chache wete pèp la anba dife, pandan n ap bati repons ki solid.”
Si zam pa rezoud pwoblèm nan kounye a, entèlijans ak estrateji dwe pran plas li.

Sosyete sivil la, klèman, pa dwe pè louvri chanèl distansye kote diskisyon fèt pa pou onore gang yo, men pou mete limit sou destriksyon, pou soulaje popilasyon an, epi louvri chemen pou yon estrateji sekirite nasyonal.

Moun ki gen kouraj pale pou repli, pou chita pale, yo pa trayi. Yo sonje: premye devwa patriotis se sove lavi moun.

Nou pa ka kontinye gouvène ak emosyon. Nou pa ka kontinye kite ògèy ak pè fè nou pèdi plis lavi, plis vil, plis jenerasyon.
Lapè pa tonbe soti nan syèl.
Li chita sou negosyasyon, sou entèlijans, sou kouraj reflechi.

Si Ayiti vle pa mouri, li dwe konprann : gen moman kote sove pèp la pi enpòtan pase bèl diskou oswa santiman cho.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841